5 Atik pou Vandredi
Vandredi 14 Janvye 2022
Kalandriye Lekòl
Cho Televizyon Nou
Paj Entènèt Nou
Prezantasyon Sipèentandan Adjwen Ed Tierney
Wòl ak responsablite Sipèentandan Adjwen an se asire lekòl yo fonksyone pi efikas posib, konsa li dwe asire li fè tout sa ki nesesè pou l byen mache.
Klike la a pou w li mesaj la.
Gade videyo a an anglè.
Gade Cho Televizyon Nou "Enfòme W" Pou Semèn Sa a!
"Enfòme w" se vèsyon videyo bilten enfòmasyon nou chak semèn.
Nan emisyon sa a n ap pale osijè:
Pwogram Edikasyon Pou Adilt
Rete De Semèn Pou Aplike Pou Pwogram Ochwa Yo
Pa bliye aplike pou pwogram ochwa yo pou ane 2022-2023 a. Dat limit la se ap vandredi 28 fevriye.
Klike la a pou w aplike.
Èske w konnen lajan taks referandòm 2018 la nan sipòte plis pase 650 lekòl atizay, chwa, ak akademy karyè.
Aprann plis.
Gayan Inisyativ "Remèsye Yon Pwofesè"
Olynthia Taylor di se travay manman l nan zòn Glades la ki enspire l pou vini yon pwofesè nan Lekòl Elemantè Galaxy E3 nan Boynton Beach.
Gade videyo sipriz kote nan inisyativ "Remèsye Yon Pwofesè" manman l te vizite l nan klas li."
Ekspozisyon Sou Anviwonnman nan Belle Glade
Ekzibisyon Smithsonian Museum: yon aktivite akademik an kolaborasyon ant Distri a, Palm Beach State College nan Glades ak lòt òganizasyon. Li ouvri pou piblik la gratis de twa jou nan semèn nan jiska 26 fevriye.
Voye yon kout je sou kontni yo.
Kreyativite nan domèn mizik ak ladrès nan kode pwogram konpitè fè yon elèv klas tèminal nan Lekòl Segondè Palm Beach Gardens ranpòte finansman $5,000 pou lanse pwòp biznis li.
Klike la a pou rankontre Eryon Panier epi tande deklarasyon l apre li fin genyen konpetisyon an.
Suiv
@PBCSDKreyo
l sou
Facebook
,
Twitter
, ak
Instagram
pou jwenn mizajou
nouvèl nan lang Kreyòl Ayisyen.