Madi 28 Avril 2020
5yèm Semèn Aprantisay Adistans
Nan senkyèm semèn Aprantisay Adistans la modòd la se: Ajoute kreyativite nan eksperyans ou pandan Aprantisay Adistans la nan orè ou. Chache yon jan pou w rete fleksib. Fè ajisteman lè sa nesesè. Pale ak elèv ou yo pou w wè kisa ki motive yo. Konsidere kreye de twa ti tan pou al detire kò a. Pou plis enfòmasyon vizite: palmbeachschools.org/distancelearning .
Nouvo Orè Distribisyon Manje
Ap genyen anpil chanjman nan orè distribisyon manje yo. Chanjman yo ap nan kantite lokal yo, lè yo ak jou paran ap kapab ale pran manje pou pitit yo ak fanmi yo. Malgre tout chanjman yo, tout efò ap fèt pou toujou kapab bay paran yo ase manje pou lakay yo.
Enfòmasyon sou Gradyasyon
Distri a devlope yon paj pou bay enfòmasyon sou òganizasyon gradyasyon vityèl yo. Y ap menmjan ak fòma seremoni gradyasyon tradisyonèl yo. Distri a ap suiv sitiyasyon an pou konnen si lekòl yo ap kapab kowòdone aktivite pou onore elèv yo pandan ete a.
Maraton pou Aparèy Elektwonik
Pandemi COVID-19 te oblije fèmen lekòl yo epi kreye bezwen pou Aprantisay Adistans pou elèv nan Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la. Malerezman, anpil elèv nan tout kominote a pa gen founiti klasik ak materyèl teknolojik ki nesesè pou yo aprann byen lakay yo. Fondasyon Edikasyon òganize yon maraton pou achte materyèl.
Ranpli Resansman 2020 an Jodi a
Li enpòtan pou w patisipe nan resansman 2020 an. Apati rezilta resansman an ki konte tout moun ki ap viv nan peyi Etazini, otorite yo ap konnen kijan pou repati resous finansye pou tout kominote yo. Sonje! Oumenm tou ou dwe konte pou kominote w kapab jwenn resous li bezwen.

Orè Difizyon Leson Ki Anrejistre Sou Televizyon
Rezo Edikasyon an (TEN) anrejistre leson sou Comcast kanal 234, AT&T U-verse kanal 99, ak kanal 12.2 (CBS 12's subchannel).

APRANTISAY ADISTANS PODY ÒM
Arianna jwenn enspirasyon nan pwofesè kindègatenn li ak pwofesè EOL li pandan l ap aprann adistans.
NIMEWO ENPÒTAN DISTRI A

Transpòtasyon......................561-357-1110

Operatè Telefòn....................561-434-8000

Pwogram Ochwa..................561-434-8755

Depatman ESE......................561-434-8740

Pwogram Apre Lekòl............561-687-6387

Biwo Sipèentandan..............561-629-8599

Komite Direksyon...................561-357-766