Madi 05 Fevriye 2019         
Mwa fevriye se Mwa Istwa Nwa nan Etazini. Se mwa pou selebre istwa pèp nwa ameriken epi pou mete sou podyòm kontribisyon yo ak gwo reyalizasyon yo fè nan istwa peyi sa a.   Videyo an anglè
Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la ankouraje elèv, anplwaye, ak manm kominote a pou angaje yo nan 17 Jès Emab soti 29 janvye pou rive 14 fevriye pou onore viktim trajedi ki te pase nan lekòl segondè Marjory Stoneman Douglas la.
Kijan pou Devlope Bon Lektè nan nivo Elemantè ?
Liv se baz kote imajinasyon timoun kòmanse devlope. Se la yo jwenn enfòmasyon tou. Li enpòtan pou ankouraje timoun yo li depi yo tou piti.

Men kèk estrateji ou kapab itilize.

NOU VLE KONNEN SA W PANSE SOU EFIKASITE LEKÒL YO

Kesyonè sou Efikasite Lekòl yo ap mezire pèsepsyon moun sou efikasite lekòl nan distri a. Tanpri n ap mande w pou w patisipe. Ou kapab patisipe nan ankèt sa a nan lang kreyòl.

 Klike la a pou w patisipe nan ankèt la.
Mete Enfòmasyon w ajou
Pa janm rate enfòmasyon enpòtan, mesaj ijan ak alèt lekòl pitit ou ap voye. Klike la a pou w wè si kontak ou ajou. Si li pa kòrèk kontakte tekniksyen dosye enfòmatik lekòl pitit ou a.

Tanpri suiv nou sou platfòm twitter kreyòl la?

Klike la a pou suiv nou sou Twitter @PBCSDKreyo l

Twitter se youn nan medya nou itilize pou bay nouvèl distri a.
Preparasyon ak distribisyon Biwo Kominikasyon ak Angajman
Bito David, Editè

pou enfòmasyon kontakte  bito.david@palmbeachschools.org |  561-963-3820  
Dwa Otè © 2018. Tout Dwa Rezève.