Madi 9 Fevriye 2021
Plis Jèn Fi Nan Pwogram STEM

Lekòl Mwayen-Segondè Pahokee ak Lekòl Segondè Park Vista, tou de dènyèman resevwa nan men College Board Prim Divèsite pou Pwogram Avanse nan Syans Enfòmatik. Onè sa a se yon rekonesans pou ogmantasyon patisipasyon fi nan domèn syans. Klike la a pou w li plis.
Medya Sosyal Kreyòl Distri a Bezwen Nou Suiv Yo

Suiv medya sosyal Kreyòl Distri a pou montre enpòtans lang Kreyòl Ayisyen ak nesesite pwogram bileng Kreyòl/Anglè nan distri a tankou pwogram Panyòl/Anglè yo. Gen TWITTER, FACEBOOK, INSTAGRAM. Suiv nou sou @PBCSDKreyol.
Inivèsite pou Paran

Depatman Ediksayon Espesyal ap òganize yon Inivèsite pou Paran Vityèl Madi 23 Fevriye, 7:00-8:00 PM. Tèm nan se: Kreye Patenarya ant Fanmi ak Lekòl yo. Klike la a pou w enskri. Pou plis enfòmasyon kontakte : Sèvis pou Paran ESE/FDLRS nan (561) 434-8377.
Genyen yon Bousdetid 4 Ane

Elèv kapab selebre Mwa Istwa Nwa pandan y ap gen chans genyen yon bousdetid oswa lajan kach nan konpetisyon premye dam Casey DeSantis. Klike la a pou detay kijan pou w patisipe.
Ethics Bowl Ogmante Konsyantizasyon sou Sijè Etik

Distri a an kolaborasyon ak Florida Atlantic University’s LeRoy Collins Public Ethics Academy la, òganize lendi 1ye fevriye konpetisyon anyèl Ethics Bowl pou rejyon an, ki bay konpetisyon pou ekip lekòl segondè yo pou analize sitiyasyon etik epi reflechi sou repons. Klike la a pou w li plis.