3 Fevriye 2025

 
Facebook  Instagram  X  YouTube
Resous Pou Fanmi Yo
Kalandriye 2024-2025
Santim Ou Ap Travay

Yon Kinan Nou, Guy Tabuteau,

Ranpòte Pri Asistan Direktè Pou Ane A

 

Felisitasyon pou Mesye Guy Tabuteau, Asistan Direktè nan Lekòl Segondè Pahokee, ki onore kòm Gayan Pri Asistan Direktè nan Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la pou ane a!

 

Mesye Tabuteau travay anpil pou amelyore siksè elèv gras ak yon revizyon konplè nan depatman matematik la nan Lekòl Segondè Pahokee. Rezilta a vin bay 100% nan elèv yo pase kou matematik avanse ak 100% elèv sizyèm ane ki fè nòt nan Nivo 4 ak 5 nan egzamen matematik akselere yo. Li te favorize tou yon anviwonman aprantisaj pozitif nan bay pwofesè konsèy, gide yo, epi ede yo devlope plan leson ki efikas. Anplis, li aplike estrateji ki sipòte siksè elèv nan tout domèn akademik yo. Mesye Tabuteau se yon ayisyen natif natal ki genyen yon eksperyans byen long nan travay li nan distri. Li se modèl nou dwe felisite.

 

Klike la a pou w gade videyo nominasyon Mesye Guy Tabuteau. 

Distri A Bay Pri Anplwaye Eksepsyonèl Pou Ane Sa a

Distri Lekòl Rejyon Palm Beach ansanm ak Fondasyon Edikasyon Rejyon Palm Beach, te onore Direktè Asistan Direktè, Pwofesè, ak Anplwaye Sipò Lekòl pou Ane a 2025-2026 pandan katriyèm seremoni anyèl Selebrasyon Anplwaye Eksepsyonèl Yo.


Felisitasyon pou gayan ane sa a:


Direktè ane a: Shauntay King, Lekòl Elemantè Pine Grove

Asistan Direktè Ane a: Guy Tabuteau, Lekòl Mwayen-Segondè Pahokee

Pwofesè pou ane a: Kimberly Stalker, Lekòl Mwayen Polo Park

Anplwaye Sipò Lkòl pou ane a: Yasmin Balaguer, Lekòl Elemantè Allamanda


Yo te anonse gayan yo nan yon seremoni nan Fondasyon Edikasyon Rejyon Palm Beach. Yo pral reprezante Distri a nan konpetisyon nan nivo Eta Florid la.


Klike la a pou w li plis.


3-7 Fevriye Se Semèn Nasyonal Pwogram Konsèy Lekòl  

Distri a gen plis pase 500 konseye lekòl nan tout kanpis yo ki ap ede elèv yo nan domèn akademik, konpetans lavi, preparasyon pou kolèj ak karyè, ak anpil lòt bagay ankò. Li enpòtan pou chak elèv gen yon adilt li fè konfyans nan lekòl la li kapab pale ak li nenpòt lè. Pou anpil nan yo adilt sa a se konseye lekòl yo. N ap remèsye tout konseye lekòl eksepsyonèl nou yo pou diferans yo fè nan lavi elèv yo chak jou.

 

Klike la a pou w gade yon videyo pou selebre konseye lekòl nou yo.

Remèsye Yon Pwofesè Kòm Pwofesè Pou Semèn Nan

Matthew Leavitt se nouvo gayan inisyativ “Remèsye Yon Pwofesè” nan Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la. Li jwenn nominasyon kòm Pwofesè Pou Semèn pase a. Li se yon pwofesè nan Lekòl Segondè Forest Hill. Li te resevwa vizit sipriz nan klas li pou gwo anons sa a.

 

Li resevwa yon chèk $350 soti nan men HCA Florida Healthcare ki se esponnsò inisyativ la pou ane sa a. Inisyativ “Remèsye Yon Pwofesè” genyen kòm objektif pou ankouraje epi rekonèt yon pwofesè paran, elèv ak kanmarad li nonmen pou gwo enpak pozitif li genyen sou elèv li.


Klike la a pou nonmen yon pwofesè!

 

Klike la a pou gade videyo a.

Selebrasyon Mwa Istwa Nwa Ameriken   

Distri Lekòl Rejyon Palm Beach fyè pou l selebre Mwa Istwa Nwa Ameriken. Selebrasyon anyèl sa a onore eritaj kiltirèl rich ak kontribisyon Afriken Ameriken yo. Asosyasyon pou Etid Lavi ak Istwa Afriken Ameriken yo anonse tèm ofisyèl pou ane sa a, "Afriken Ameriken ak Travay." Tèm nan bay yon opòtinite pou egzamine wòl travay òganize nan konbat enjistis ekonomik ak sosyal.

 

Klike la a pou w li plis.

Nou Vle Tande Opinyon W 

Kesyonè Sou Efikasite Lekòl Yo (SEQ) bay paran, elèv ki nan klas 3yèm rive 12yèm ane, ak anplwaye ki nan lekòl yo yon opòtinite pou yo bay distri a opinyon yo. Repons nan kesyonè sa a ap bay enfòmasyon enpòtan ki ap ede lekòl yo ak Distri a devlope ak soutni Ekselans ak Kwasans Akademik, ak yon Kilti ki konsantre sou Elèv, ki se tèm santral nan Plan Estratejik la.

 

Sondaj la ap rete ouvè jiska vandredi 14 fevriye 2025 pou paran ak elèv.

 

Klike la a pou w patisipe.