Madi 14 Jiyè 2020
Sipèentandan Doktè Donald E. Fennoy ap rekòmande Komite Direksyon Distri a pou aksepte Plan 2020-21 pou reouvèti lekòl ki mande pou kòmanse ane lekòl la ak aprantisay adistans pou tout elèv yo.
Komite Direksyon Distri a ap genyen pou vote rekòmandasyon pou reouvèti lekòl nou yo sipèentandan an ap prezante. Gade l sou palmbeachschools.org , comcast 235, AT&T Uverse kanal 99.
Men repons sou diferan etap k ap pran nan pwosesis reouvèti lekòl la pou ane 2020-21 an.

W ap jwenn deskripsyon chak etap yo ak opsyon paran yo genyen.


ANGAJMAN PARAN/ KOMINOTE:  
Angajman Kominotè Pi Enpòtan Ke Jamè
Pandan n ap fè fas ak nouvo tchalenj nan bay elèv nou yo enstriksyon akoz sitiyasyon Covid19 la, nou bezwen plis patisipasyon kominotè pou konekte lekòl ak lakay pou byen enplemante Aprantisay Adistans la.
Faktè Ki Afekte Plan Reouvèti Lekòl
Fè yon rekòmandasyon pou reouvri lekòl yo genyen anpil faktè ki afekte l. Pami yo genyen yon apwòch sou baz done enfòme ki te pran an kont twa faktè enpòtan:

Santim ou ap Travay nan Lekòl Elemantè Pioneer Park
Direktris Pamela Buckman ap fè n vizite renovasyon ak reparasyon ki ap fèt lekòl la ak lajan taks referandòm nan.


Seremoni Gradyasyon Vityèl Ete
Konpliman pou tout gradye ete yo pou pwomosyon 2020 an. Gradyasyon vityèl la ap fèt jedi 23 jiyè a 6:00 p.m. Pare nou pou selebre ak yo.   Gade la a...

Enskri Kounye a Pou Ane Lekòl 2020-2021 an
Pandan plan pou reouvri lekòl yo pou ane akademik 2020-2021 an ap finalize, kounye a se moman pou enskri elèv k ap antre nan jadendanfan ak sa ki nouvo nan Distri a. (Klike la a pou li plis)

Pwojè Pratik Adomisil Ede Elèv Migran yo ak sa k ap Aprann Anglè  
Pandan vakans ete sa a, elèv yo ap bati pwòp ti estad anjwèt yo, fè eksperyans syans, ak reyini ansanm ak pwofesè plizyè fwa nan yon semèn, tout sa pandan yo lakay yo.
Distribisyon Manje nan Distri a Pandan Mwa Jiyè a
Distribisyon manje ap fèt ant 10 a.m. ak 12 p.m. nan 51 lokal lekòl nou yo nan tout distri a madi ak jedi. Se pou timoun ki genyen mwens pase 18 ane ak sa ki nan pwogram ESE ki genyen mwens pase 22 ane.
Sonje ranpli RESANSMAN 2020 an si w poko fè sa. W ap jwenn kesyonè a sou entènèt nan: http://2020census.gov