Pataje Fyète Ayisyen w Ak Nou pou Fete Mwa Eritaj Ayisyen
Me se Mwa Eritaj Ayisyen. Pou montre fyète nou nan kilti ak istwa nou, tanpri pataje avèk nou foto pitit ou oswa foto pa w ak rad kiltirèl ayisyen oswa nan anviwonnman kiltirèl ayisyen pou nou poste sou platfòm medya sosyal nou yo. Tèm nan se: Mwen fyè de istwa m ak kilti m ak tout sa ki reprezante eritaj mwen.