Novanm se Mwa Angajman Fanmi ak Kominote nan Edikasyon. Asire w lekòl pitit ou genyen bon enfòmasyon pou kontakte w nan dosye l pou w rete enfòme epi angaje.
Klike la a pou wè aktivite pou angajman paran, fanmi ak kominote a Depatman Edikasyon Miltikiltirèl òganize vityèlman yè jedi 22 novanm nan.
Chuck Shaw Onore
pou 50+ Ane Sèvis
Pou plis pase 57 ane, Chuck Shaw te dedye lavi li nan edikasyon ak sèvis piblik. Mesye Shaw se yon pwodui Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la. Aprè li te gradye nan Lekòl Segondè Forest Hill ak Florida Atlantic University, li te kòmanse karyè ansèyman li nan Lekòl Elemantè Berkshire.Klike la a pou w li plis.
Men Nouvo Planifikatè pou Pwogram Etid Olokòs
Pwogram Etid Olokòs la genyen kounye a yon nouvo planifikatè. Kimberly Coombs vin pote kokennchenn eksperyans ak konesans li nan domèn sa a.
Li ap ranplase nan wòl sa a Maureen Carter ki pran retrèt li.
Pran yon ti tan pou w aprann plis sou 179 lekòl distri a ak ladan yo plis pase 300 pwogram ochwa ak akademi karyè pandan Ekspozisyon Vityèl lekòl yo kote w ap kapab vizite tout chwa sa yo pandan w chita lakay ou. Dat pou kòmanse aplike pou pwogram yo se 2 Novanm. Klike la a pou w li plis...
Yon Mas pou Chak Elèv nan Nivo Elemantè
Lopital Nicklaus Children’s fè Distri Lekòl Rejyon Palm Beach kado 80.000 mas an twal semèn sa a pou bay elèv. Donasyon sa a ap pèmèt tout elèv soti nan klas kindègatenn pou rive senkyèm jwenn yon mas. Klike la a pou w gade videyo a an anglè...