Madi 7 Jiyè 2020
Li Enpòtan pou Gade Reyinyon Komite Direksyon Distri a Demen ki ap Mèkredi 8
Nan reyinyon sa a ap genyen gwo anons ki bay sou desizyon pou reouvèti lekòl. Gade l sou palmbeachschools.org , comcast 235, AT&T Uverse kanal 99.
Komite pou Rouvèti Lekòl yo Ap Fè Prezantasyon bay Responsab Direksyon Distri a
Distri Lekòl Rejyon Palm Beach ap travay avèk dilijans pou evalye kondisyon ak anpil atansyon epi peze tout opsyon pou reouvèti lekòl... (Klike la a pou w li plis).

Enskri Kounye a Pou Ane Lekòl 2020-2021 an
Pandan plan pou reouvri lekòl yo pou ane akademik 2020-2021 an ap finalize, kounye a se moman pou enskri elèv k ap antre nan jadendanfan ak sa ki nouvo nan Distri a. (Klike la a pou li plis)

Pwojè Pratik Adomisil Ede Elèv Migran yo ak sa k ap Aprann Anglè  
Pandan vakans ete sa a, elèv yo ap bati pwòp ti estad anjwèt yo, fè eksperyans syans, ak reyini ansanm ak pwofesè plizyè fwa nan yon semèn, tout sa pandan yo lakay yo.

Distribisyon Manje nan Distri a Pandan Mwan Jiyè a
Pandan mwa jiyè a distribisyon manje ap fèt ant 10 a.m. ak 12 p.m. nan 51 lokal lekòl nou yo nan tout distri a madi ak jedi. Timoun ki genyenm mwens pase 18 ane ak sa ki nan pwogram ESE ki genyen mwens pase 22 ane ap resevwa manje.

Sonje ranpli RESANSMAN 2020 an si w poko fè sa. W ap jwenn kesyonè a sou entènèt nan: http://2020census.gov