Vandredi 19 Fevriye 2022
Direktè Anchèf Anplwaye nan Distri ki ap bay rezon Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la se pi bon chwa pou yon paran.
Gade Cho Televizyon Nou "Enfòme W" Pou Semèn Sa a!

Nan emisyon sa a n ap pale osijè: Sèvis Sipò Pou Lang Nan Distri a
Pwofesyonèl Sante Konpòtman Ede Elèv
Èske w konnen chak lekòl genyen yon pwofesyonèl sante konpòtman gras ak lajan referandòm 20218 la votè yo te apwouve. Lekòl Elemantè South Grade gen yon chanm rekreyasyon pou konekte pwofesyonèl sa yo ak elèv yo pandan y ap jwe.
Elèv Elemantè Nan Konpetisyon Konesans
Elèv yo genyen 15 liv pou yo li epi montre konpetans yo nan fason yon byen konprann sa yo li nan "Konkou Liv/Battle of the Books."

Aprann Istwa Nwa Apati Atizay
Pwofesè nan Lekòl Elemantè U.B. Kinsey/Palmview enkòpore leson Mwa Istwa Nwa nan pwogram ochwa yo ki genyen atizay vizyèl, pwodiksyon televizyon, koral, teyat, ak dans.
Dennis Pozo Se "Pwofesè pou Semèn Nan"
Dennis Pozo travay di pou kreye plan leson amizan ki kapab enterese elèv li yo nan Lekòl Elemantè Gove nan Belle Glade. Li pa yon sipriz ke ansyen elèv Dreyfoos sa a se pandan li t ap jwe yon jwèt Jeopardy ak elèv li yo ke li resevwa vizit pou anonse l li se pwofesè pou semèn nan.
Opòtinite Sèvis Kominotè Pou Elèv
Yo envite elèv ak fanmi yo nan yon konvèzasyon vityèl nan mwa Mas ak Avril ak Palm Beach County Birth to 22 sou sijè ki gen rapò ak aprantisay sosyal emosyonèl ak jan pou jwenn resous pou byennèt pou reyisi nan lavi. Yo kapab jwenn lè pou sèvis kominotè pou patisipasyon yo. Klike la a pou enskri.
Semèn sa a lekòl nan distri a montre lanmou ak apresyasyon yo pou chofè bis yo ak asistan yo pou komemore Semèn Lanmou Pou Bis.

Si w enterese pou vin yon chofè bis klike la a paske n ap anplwaye chofè.
Suiv @PBCSDKreyol sou Facebook, Twitter, ak Instagram pou jwenn mizajou
nouvèl nan lang Kreyòl Ayisyen.