Mesaj Sipèentandan Doktè Donald E. Fennoy II

Chak vandredi Sipèentandan Donald E. Fennoy II ap fè w konnen sa k ap pase nan Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la.


Ane sa a Ekspozisyon Lekòl yo ap fèt sou yon platfòm vityèl apati Madi 20 Oktòb jiskaske peryòd pou aplike a fini. L ap kòmanse ak yon Facebook Live a 4:00 p.m kote lidè Depatman Chwa ak Opsyon Karyè ap bay anpil enfòmasyon.