Nan sousi pou elimine diferans ki genyen nan opòtinite pou gen aksè ak teknoloji ak entènèt, Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la ap patisipe ak otorite gouvènmantal rejyon an ak minisipalite yo pou bay elèv aksè a entènèt sitou pandan reyalite aprantisay adistans la. Klike la a pou w li plis.
Mizajou sou Dat Tès Enpòtan
Mizajou sa a konsène dènye devlopman ki genyen rapò ak tès FSA, EOCs, AP, IB, ak AICE.
Elèv nan tout distri a te enspire pou li nan okazyon Jou Lekti nan Tout Etazini ki se madi 2 mas 2021. Lekòl yo te genyen envite espesyal ki vin li pou elèv yo nan okazyon jou komemorasyon sa a.
Suiv medya sosyal Kreyòl Distri a pou montre enpòtans lang Kreyòl Ayisyen ak nesesite pwogram bileng Kreyòl/Anglè nan distri a tankou pwogram Panyòl/Anglè yo. Gen TWITTER, FACEBOOK, INSTAGRAM. Suiv nou sou @PBCSDKreyol.