25 Mas 2024
Antre Nan Jadendanfan
Nan Distri Lekòl Rejyon Palm Beach La
 
Chèche konnen kilè pou w patisipe nan Reyinyon Enfòmasyon Pou Jadendanfan lekòl ou a nan mwa avril sa a, kote pou w rankontre pwofesè yo, vizite lekòl la, epi resevwa yon twous preparasyon pou jadendanfan gratis.

25 Avril se Jou Pou Mennen Pitit Fi W
Ak Pitit Gason W Travay Ak Ou
Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la pral obsève Jou Pou Mennen Pitit Fi W Ak Pitit Gason W Travay Ak Ou jedi 25 avril 2024, epi pèmèt elèv K-12 akonpaye yon paran oswa yon responsab nan espas travay yo ki pa nan Distri a.
 
Konpetisyon Liv 2024 
Lektè pasyone ki soti toupatou nan Distri a te reyini ansanm pou montre konpetans yo.
 
Konpetisyon Liv se yon chanpyona amikal ak amizan kote yon ekip elèv li 15 liv ki soti nan yon lis espesyal epi patisipe nan konkou kesyon repons ki baze sou liv sa yo.
 
Senk Enfòmasyon Osijè FAFSA 
Tcheke enfòmasyon enpòtan sa yo sou FAFSA (Aplikasyon Gratis pou Èd Finansye Federal Pou Elèv).
 
Depatman Edikasyon Etazini ap fè chanjman nan fòm FAFSA a. Kounye a li senplifye, reyamenaje, ak rasyonalize.

Onè Pou Yon Ansyen Elèv Distenge
Ak Yon Patnè Biznis Eksepsyonèl
Fondasyon Edikasyon Rejyon Palm Beach, Komite Devlopman Biznis, ak Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la selebre yon ansyen gradye ak yon patnè biznis nan dat 14 mas. Senatè Bobby Powell, Jr. te resevwa prim prestijye Distinguished Alumni, epi Publix te rekonèt kòm patnè biznis pou ane a.
 
PWOGRAM PEYE KOLÈJ ALAVANS

Pwogram Peye Kolèj Alavans nan eta Florid se yon avantaj pou paran. Tanpri pran avantaj opòtinite sa a.
Depi 10 ane se plan ki genyen pri ki pi ba. Plis pase 1.2 milyon fanmi nan eta Florid ap benefisye opòtinite sa a.