25 Septanm 2023
Elèv Eksplore Pwochen Etap Nan Lavi Yo
Nan Fwa Kolèj Ak Karyè 2023
 
Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la te òganize Fwa Kolèj ak Karyè Anyèl 2023 a Mèkredi 20 septanm nan South Florida Fairgrounds. Nan evènman sa a te genyen reprezantan ki soti nan plis pase 100 kolèj, inivèsite, lekòl komès, ak fòs lame Etazini ki te rankontre ak elèv yo pou diskite sou avni yo apre yo fini lekòl segondè.
 
Yon Elèv Lekòl Segondè Jupiter Onore Kote Li Te Fèt La

Li te peze sèlman 1 liv, 4 ons lè li te fèt epi yo te dyagnostike li soud lè li te genyen 15 mwa. Emmanuel (Manny) Parker, te pase premye ane lavi li nan NICU. Plis pase 15 ane apre 78 transfizyon san ak 40 operasyon, li pa kite okenn nan defi sa yo anpeche l fè patisipe nan pwomnad, kan, ak naje. Jodi a li se yon Eagle Scout.
 
Dènye etap yon elèv dwe pran pou l jwenn pi wo ran nan Scout se pou l konplete yon pwojè sèvis kominotè. Pwojè Manny a mennen l tounen kote pwòp istwa li te kòmanse: yon inite swen entansif neonatal, kote doktè ak enfimyè pran swen tibebe ki gen difikilte.
 
Remèsye Yon Pwofesè Kòm Pwofesè Semèn Nan
Melissa Reid se nouvo gayan inisyativ “Remèsye Yon Pwofesè” nan Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la. Li jwenn nominasyon kòm Pwofesè Pou Semèn pase a. Li se yon pwofesè klas premye nan Lekòl Elemantè Citrus Cove. Li te resevwa vizit sipriz nan klas li pou gwo anons sa a. Li resevwa yon chèk $250 soti nan men HCA Florida Healthcare ki se esponnsò inisyativ la pou ane sa a. Inisyativ “Remèsye Yon Pwofesè” genyen kòm objektif pou ankouraje epi rekonèt yon pwofesè paran, elèv ak kanmarad li nonmen pou gwo enpak pozitif li genyen sou elèv li.
 
Selebrasyon Jounen Pou Papa Mennen Pitit Yo Lekòl 
Papa yo ak reprezantan papa yo te selebre "Jounen Pou Papa Yo Mennen Pitit Yo Lekòl" nan Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la. Aktivite anyèl la mete aksan sou koneksyon enpòtan timoun yo genyen ak papa yo, frè yo, tonton yo, granparan yo, bòpè yo, konseye gason yo, ak lòt modèl gason enpòtan nan vi yo.
 
Men Lekòl Depatman Edikasyon Etazini Rekonèt Kòm National Blue Ribbon School 2023
Lekòl Mwayen Don Estridge High Tech nan Boca Raton ak Lekòl Segondè Suncoast nan Riviera Beach sou lis 14 lekòl sèlman nan Florid Depatman Edikasyon Etazini rekonèt kòm National Blue Ribbon Schools pou 2023.
Depatman Edikasyon bay deziyasyon lekòl yo nan youn nan de (2) kategori pèfòmans, dapre tout nòt elèv yo, nòt sougwoup elèv yo, ak pousantaj gradyasyon yo:
 
Elèv Lekòl Segondè Prepare Pou Vote Pandan Semèn Nasyonal Enskripsyon Elektè
Madi 19 septanm se te Jounen Nasyonal Enskripsyon Elektè yo. Sipèvizè Eleksyon Rejyon Palm Beach la te vizite lekòl segondè nan zòn nan pandan tout semèn nan pou ankouraje elèv yo vin sitwayen aktif epi prepare elèv yo pou egzèse dwa yo pou yo vote alavni lè yo pre-anrejistre oswa enskri pou vote.
 
Marcia Andrews Onore Pou Travay Li Kòm Lidè
Nan Domèn Edikasyon Iben
Manm Komite Direksyon Distri a, Marcia Andrews, se yon finalis pou Prim Green-Garner pou Edikatè Iben pou Ane a, youn nan senk finalis sèlman nan tout peyi a. Prim la rekonèt kontribisyon eksepsyonèl nan lidèchip edikasyon iben.
 
Andrews reprezante Distri 6 la depi mwa Novanm 2010, apre plis pase 40 ane eksperyans kòm yon edikatè nan Distri a. Li rantre nan pwofesyon an akoz devosyon li pou ede moun, yon angajman li te kenbe nan wòl lidèchip li nan plizyè òganizasyon sivik, akademik, kominotè, ak sosyal.
 
Mwa Eritaj Panyòl 2023 Selebre Prosperite, Pouvwa, ak Pwogrè