Vandredi 5 Novanm 2021

MIZAJOU SOU POTE MAS

Apati lendi 15 novanm 2021, paran ak responsab elèv nan tout nivo klas pral kapab yon lòt fwa ankò genyen opsyon pou chwazi pa kite pitit yo mete mas pandan yo sou pwopriyete distri a. Klike la a pou w li plis.

Gade Cho Televizyon Nou "Enfòme W" Pou Semèn Sa a!

"Enfòme w" se vèsyon videyo bilten enfòmasyon nou chak semèn.
Nan emisyon sa a n ap pale osijè: Angajman Paran nan Edikasyon
Aplike Pou Pwogram Ochwa Pou Ane 2022-2023

Elèv kapab pousuiv pasyon yo nan domèn kote yo genyen talan ak aptitid depi nan lekòl elemantè ak plis pase 300 pwogram Ochwa ak Akademi Karyè. Tcheke tout opsyon ki genyen yo pou pitit ou nan Ekspozisyon Lekòl yo vityèlman oswa aplike sou entènèt pou nouvo ane lekòl la.
Elèv Onore Pou Demonstrasyon Bon Karaktè
Nan Lekòl Mwayen John F. Kennedy nan Riviera Beach, elèv klas uityèm ki rele Kennedi Figurs toujou ap travay pou akonpli objektif li tabli limenm. Se limenm ki anchaj pou jere rezèv rad lekòl la pou elèv mete. Pwogram "Karaktè Kounye a" onore l pou demonstrasyon bon konpòtman l. Klike la a pou w li plis.
Elèv Montre Gratitid Pou Pwofesè Yo
Pou semèn sa a gayen inisyativ "Remèsye Yon Pwofesè" se Rocio Montoya. Montoya se yon pwofesè nan Lekòl Elemantè Meadow Park. Inisyativ sa a ankouraje pwofesè ki devwe epi dedye tout resous yo nan edikasyon elèv nou yo.
Manm Kominote A Kouri Maraton Pou Yon Meyè Fiti
Plis pase mil patisipan ki te genyen bèt yo renmen ak yo te patisipe nan maraton kouri pou sipòte edikasyon piblik pou ede pwofesè nan lekòl nou yo nan kominote a pandan wikenn nan nan John Prince Park. Gade videyo a.
Glades Central student up for $40,000 scholarship
Moshammet Jarin, yon elèv nan Lekòl Segondè Glades Central, pasyone pou fè travay volontè. Li se valediktoryen lekòl la epi youn nan 12 finalis pou eta Florid Take Stock in Children's Leaders for Life Fellowship. Li se kandida pou yon bousdetid $40.000.
Felisitasyon pou 33 lekòl ki te resevwa Prim Five Star pou patisipasyon fanmi, volontè, konsèy konsiltatif lekòl yo, sèvis kominotè elèv yo, ak patenarya biznis. Lekòl Elemantè Northmore te genyen distenksyon an pou premye fwa!

Suiv @PBCSDKreyol sou Facebook, Twitter, ak Instagram pou jwenn mizajou
nouvèl nan lang Kreyòl Ayisyen.