31 Out 2026

 
Facebook  Instagram  X  YouTube

Manje Nan Lekòl Pitit Ou Bay Lespri Ak Kò Yo Bon Jan Enèji


Dèyè chak elèv ki reyisi, gen yon repa ki nourisan. Nan Distri Lekòl Rejyon Palm Beach a, Depatman Sèvis Manje Lekòl ap chanje fason nou nouri elèv nou yo. N ap ofri elèv yo manje ki gen bon gou epi ki ba yo enèji, ki depase sa moun te konn espere anvan. 


Klike la a pou aprann plis sou Sèvis Manje Lekòl nan Distri a.

Dekouvri Opsyon Pou Inivèsite, Karyè,

Ak Èd Finansye Nan Fwa Anyèl La

Yon gwoup moun nan yon ekspozisyon

Nou envite elèv ak fanmi yo vin patisipe nan Fwa Kolèj ak Karyè ane sa a ki ap fèt 22 septanm pou dekouvri yon pakèt opòtinite apre lekòl segondè.

 

Rankontre plis pase 100 reprezantan ki soti nan divès kalite kolèj ak inivèsite piblik kou prive, tankou sa ki nan eta a ak sa ki deyò eta a.

 

Jwenn enfòmasyon sou pwogram akademik, kondisyon pou admisyon, lavi sou kanpis la, ak kisa chak lekòl ofri.

Prezantasyon Espesyal Lekòl: 

Lekòl Elemantè Pierce Hammock

Twa elèv nivo elemantè nan yon klas devan yon tab

Yon lekòl ki fyè dèske li gen nòt "A", gras ak elèv ki travay di ak pwofesè ekstraòdinè ki vrèman angaje, kit se anndan kou deyò klas la.

 

Rankontre elèv ak anplwaye Lekòl Elemantè Pierce Hammock.

 

• Klas: K-5

• Maskòt: Pantè

• Koulè: Lò ak Ble

 

14255 Hamlin Blvd.

Loxahatchee, FL 33470

561-633-4500

Felisitasyon Pou Sèvis Kliyantèl: Joseph Berger

Asistan Teknik Sipò Akademik

Foto yon gason granmoun nan estil foto idantite

“Mesye Berger fè yon efò espesyal pou ede yon paran jwenn aksè rapid nan pòtal SIS la. Li reponn imèl san pèdi tan epi li te fè apèl pou swiv dosye a, yon fason pou asire pwoblèm nan te rezoud menm jou a.

 

Fason li te aji avèk jantiyès ak bon kè te fè paran an santi l byen akeyi epi byen sipòte.”

 

Nonmen yon moun ki merite felisitasyon pou jan li bay bon sèvis kliyantèl.

Patisipe Nan Kous 5K "Heroes For Education" An Pou Sipòte Lekòl Nan Rejyon Palm Beach Yo 

Postè Heroes for Education

Lase soulye w pou w sipòte edikasyon piblik nan Distri Lekòl Rejyon Palm Beach nan 12yèm edisyon anyèl kous 5K "Heroes For Education" ki ap fèt dimanch 4 oktòb 2026 nan John Prince Park, Lake Worth.

 

Patisipan yo kapab enskri pou patisipe nan kous oswa mache 5K a, kous amizan 1-Mil pou timoun yo, oswa lòt kous ankò. Ane sa a, kantite patisipan yo limite a 2.000 moun. Enskri kounye a pou w asire plas ou.

 

Jwenn plis enfòmasyon epi enskri pou kous 5K "Heroes for Education".

Nonmen Pwofesè Prefere W Pou Li Genyen Pri $500

Nan Kanpay "Remèsye Yon Pwofesè”

Yon fi ki ap manifeste yon sipriz li pran

Kanpay "Remèsye Yon Pwofesè" nan Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la se yon fason pou selebre edikatè yo epi montre rekonesans pou travay enpòtan y ap fè ak timoun nou yo.

 

Gras ak yon don jenere ki soti nan HCA Florida Healthcare, pwofesè ki genyen chak semèn nan ap resevwa yon chèk $500.

 

Sonje pou pwopoze non pwofesè ou pi renmen an pou l kapab patisipe nan kanpay la. 

ďťż

ďťżKlike la a pou w nonmen youn.

Pankat Lendi 7 Septanm Selebrasyon Fèt Travay
Vaksinasyon gratis pou elèv