Madi 8 Jen 2021
Fokis ak Planifikasyon: Kijan Detèminasyon Yon Elèv ESOL Fè l Reyisi
Aliana Bien-Aime se yon elèv nan pwogram Angle pou Elèv ki Pale Lòt Lang (ESOL) nan Lekòl Segondè Glades Central ki sèlman genyen anviwon kat ane Etazini. Nan peryòd tan sa a, li metrize angle, konsakre tèt li pou pran leson patikilye, pratike nan pwogram aprantisay sou entènèt tankou Achieve 3000, epi li pase tès evalyasyon eta Florid yo. Klike la a pou w li plis.
Konpliman Pwomosyon 2021!
Plizyè milye elèv nan klas tèminal ap mache sou podyòm gradyasyon pandan de semèn ki ap pase la yo. Nou konplimante yo pou akonplisman yo.

Dènye Jou Pou Distribisyon Manje Gratis
Jedi 10 jen se ap dènye jou pou pran manje gratis pandan fen ane lekòl la. Klike la a pou w wè lokal distribisyon yo.

Ap genyen yon nouvo orè distribisyon manje ki ap kòmanse lendi 22 jen ki ap bay elèv opòtinite jwenn manje chak jou gratis nan plizyè lokal nou yo. N ap genyen pou bay plis enfòmasyon sou ki lè ak ki kote distribisyon yo ap fèt.
Anplwaye Lekòl pou Ane a Finalis pou Eta Florid
Hernan Avila, Anplwaye Lekòl pou ane a nan Distri a, nonmen finalis nan konpetisyon an pou Eta Florid la. Li pral reprezante Rejyon Palm Beach la. Avila ap resevwa yon prim lajan kach pou nominasyon li. Eta a ap anonse gayan an nan finisman ete sa a. Klike la a pou w li plis.
Vaksinasyon Gratis Nan Sant Akèy Distri a
Bis Vaksinasyon Depatman Sante Rejyon Palm Beach la ap nan Sant Akèy Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la chak mèkredi pandan sezon ete a pou ede elèv jwenn vaksen yo bezwen pou prepare pou rantre lekòl pou ane 2021-2022 an. Klike la a pou w li plis.

Suiv Medya Sosyal Kreyòl Distri a Pou Enfòmasyon
Suiv medya sosyal Kreyòl Distri a pou montre enpòtans lang Kreyòl Ayisyen ak nesesite pwogram bileng Kreyòl/Anglè nan distri a tankou pwogram Panyòl/Anglè yo. Gen TWITTER, FACEBOOK, INSTAGRAM. Suiv nou sou @PBCSDKreyol.