Vandredi 18 Desanm 2020
Mesaj Sipèentandan Doktè Donald E. Fennoy II

Chak vandredi Sipèentandan Doktè Donald E. Fennoy II ap fè w konnen sa k ap pase nan Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la.


Prepare w pou Selebre Pwomosyon 2021 an
Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la anonse orè seremoni gradyasyon pou pwomosyon 2021 an. Seremoni yo planifye pou prèske 14,000 gradye nan 32 lekòl ak akademi nan tout rejyon Palm Beach la. Klike la a pou w li plis.
Yon Rezime Ane 2020 an ak Tout Pwen Fò ak Fèb li
Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la ap reflechi sou ane 2020 an. Nou apresye kolaborasyon elèv yo, paran yo, ak tout estaf nan lekòl yo ki te fè wout la ansanm ak nou. Klike la a pou w gade videyo a.
Remèsiman pou Twa Pwofesè nan Jupiter High

Twa pwofesè nan Lekòl Segondè Jupiter resevwa ankourajman remèsiman pou bon travay y ap fè pou anseye elèv yo.

Konpliman pou Shari Rodgers, Moriah Carlisle, ak Ericka Muncy pwogram "Remèsye Yon Pwofesè" chwazi pou semèn sa a. Klike la a pou w gade videyo a.

Al Fè Chòping ak Polis Lekòl ou

Tradisyon sa a chak ane nan zòn Glades la ap kontinye avèk Depatman Polis Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la, " Al Fè Chòping ak Polis Lekòl ou." Fondatè Evènman te vini ak yon fason san danje pou rekonpanse 50 elèv eksepsyonèl ak kado pou sezon fèt la. Klike la a pou w gade videyo a...
Distri a te òganize yon seyans kesyon/repons Facebook andirèk pou fè kominote a konnen poukisa Distri a se pi bon chwa yo pou mete pitit yo lekòl.

Prezantasyon an fte genyen ladan l Sipèentandan Donald E. Fennoy II ak Asistan Sipèentandan pou Depatman Choice and Innovation Jay Boggess.

Yo reponn kesyon piblik la te poze sou sijè tankou ansèyman pou dezyèm semès la, dat limit pou aplikasyon pou pwogram ochwa yo, tès rapid COVID-19, ak gradyasyon pou pwomosyon 2021 an.

Suiv @pbcsdkreyol sou Facebook, Twitter, ak Instagram pou jwenn mizajou
nouvèl an Kreyòl.