15 Septanm 2025

 
Facebook  Instagram  X  YouTube

Remèsye Yon Pwofesè: Francesca Smith

Nan Lekòl Elemantè Calusa

 

Chak bon pwofesè simen yon ti kras maji nan lavi elèv yo.

 

Sa se vre espesyalman pou Francesca Smith ki ankouraje elèv li yo pou yo gaye jantiyès tankou konfeti.

 

Pou travay di li, konpasyon li, ak kapasite li pou konekte ak elèv jadendanfan li yo nan Lekòl Elemantè Calusa, li se gayan Remèsye yon Pwofesè semèn sa a. Madmwazèl Smith resevwa yon chèk $500 nan men patnè biznis nou, HCA Florida Healthcare.

 

Gade videyo gayan Remèsye yon Pwofesè semèn sa a.

N ap Sonje 11 Septanm: 24 Ane Apre

Plizyè lekòl nan distri a, tankou Lekòl Segondè Forest Hill ak Seminole Ridge, te òganize seremoni pou onore viktim yo ak premye sekouris yo.

 

Moman puisan sa yo fè nou sonje enpòtans kominote, kouraj ak rezistans.

 

Gade kèk foto sou Facebook ki montre evènman jounen an.

 

Gade seremoni komemorasyon 11 septanm nan Lekòl Segondè Seminole Ridge.

Onore Tan Lontan, Enspire Lavni

Pandan Mwa Eritaj Panyòl 2025 La

Mwa Eritaj Panyòl selebre chak ane soti 15 septanm rive 15 oktòb.

 

Pandan tout mwa a, Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la onore kontribisyon elèv ak anplwaye Panyòl ak Latino yo nan Distri a ak nan kominote a.

 

Kòm yon pati nan rekonesans sa a, yon pwoklamasyon pou Mwa Eritaj Panyòl te sou ajanda a nan reyinyon espesyal Komite Direksyon Distri a ki te fèt 10 septanm nan.

Mesaj Sekirite Ak Ofisye Wilburn Ak K9 Leo

Ou mache oswa monte bisiklèt pou ale lekòl? Ajan Polis Lekòl Michelle Wilburn ak patnè K-9 li a, Leo, gen kèk konsèy itil pou kenbe ou an sekirite.

 

- Toujou gade nan toude direksyon anvan ou travèse lari a, epi toujou gade chofè yo.

- Pou elimine distraksyon, pa sèvi ak telefòn selilè epi retire kas mizik nan tèt ou pandan w ap travèse lari.

- Mache sou twotwa depi sa posib olye pou w sou kote wout la.

Asire W Ke Enfòmasyon Kontak Aktyèl Ou Korèk

Nan Dosye Lekòl Pitit Ou A

Li trè enpòtan pou paran oswa responsab legal yo kenbe enfòmasyon kontak yo ajou pou asire yo resevwa dènye nouvèl ak mesaj enpòtan lekòl la ak Distri a.

 

Toujou fè biwo lekòl la konnen nimewo telefòn aktyèl ou, adrès lakay ou, ak adrès imel ou. Kontakte lekòl la pou fè sa.

 

Li enpòtan tou pou w revize epi mete ajou fòm konsantman sante pitit ou a chak ane, sa ki pèmèt nou bay sèvis ak tès depistaj jan sa nesesè.

VIDEYO KREYÒL ENFÒME W: Enpòtans Prezans Lekòl

Nan seri videyo enfòmasyon pou kominote a pou mwa sa a, Direktris Doktè Sandra Moreau nan Lekòl Elemantè Pioneer Park nan Belle Glade ap fè paran ak responsab legal timoun yo konnen enpòtans prezans lekòl.

 

Klike la a pou w gade video a.