15 Desanm 2025

 
Facebook  Instagram  X  YouTube

Dat Seremoni Gradyasyon Anonse Pou Pwomosyon 2026 La

 

Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la pibliye kalandriye seremoni gradyasyon pou Pwomosyon 2026 la. Distri a ap tann avèk enpasyans okazyon pou onore reyalizasyon plizyè milye elèv ki nan dènye ane yo ansanm ak manm fanmi yo, zanmi yo, ak sipòtè yo nan 33 seremoni gradyasyon.

 

Seremoni yo ap difize andirèk sou The Education Network (TEN), kanal 235 Xfinity, kanal 99 AT&T U-verse, epi yo andirèk sou entènèt nan youtube.com/sdpbc ak soutit.

 

Reyinyon Komite Konsiltatif Limit Lekòl Yo (ABC)

Pou Lekòl Elemantè Nan Zòn Riviera Beach La

Komite Konsiltatif Limit Lekòl yo (ABC) ap gen yon reyinyon piblik pou prezante epi diskite yon etid konplè sou zòn prezans.

 

KI LÈ: Jedi 18 Desanm a 6:30 p.m.

KI KOTE: Sant Sèvis Edikasyonèl Fulton-Holland, West Palm Beach

 

Piblik la kapab patisipe anpèsòn oswa vityèlman pou bay opinyon yo.

 

Klike la a pou jwenn plis enfòmasyon sou reyinyon ABC a.

Crystal Kleckley Se Nouvo Gayan

Inisyativ Pwofesè Pou Semèn Nan

Crystal Kleckley Eldridge se nouvo gayan inisyativ “Remèsye Yon Pwofesè” nan Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la. Li jwenn nominasyon kòm Pwofesè Pou Semèn pase a. Li se yon pwofesè nan Lekòl Elemantè Clifford O. Taylor/Kirklane. Li te resevwa vizit sipriz nan klas li pou gwo anons sa a.

 

Li resevwa yon chèk $500 soti nan men HCA Florida Healthcare ki se esponnsò inisyativ la pou ane sa a. Inisyativ “Remèsye Yon Pwofesè” genyen kòm objektif ankouraje epi rekonèt yon pwofesè paran, elèv ak kanmarad li nonmen pou gwo enpak pozitif li genyen sou elèv li ak devouman li nan travay li. 

 

Klike la a pou gade videyo a.

Prezantasyon Espesyal Lekòl: Lekòl Mwayen Conniston

Lekòl sa a genyen prèske 100 ane kominote a, epi li se sèl lekòl ki genyen pwogram AVID la nan Rejyon Palm Beach.

 

Rankontre elèv ak anplwaye Lekòl Mwayen Conniston.

 

• Klas: 6-8

• Maskòt: Blue Marlins

• Koulè: Ble ak Dore

 

3630 Parker Ave., WPB, FL 33405

561-802-5400.


Elèv Yo Devlope Konpetans Nan Fwa Antrepriz Lekòl La

Fwa a te reyini elèv ki soti nan 17 pwogram biznis diferan nan lekòl yo pou pataje epi vann atizana inik yo pou jou fèt yo.

 

Evènman espesyal sa a bay elèv ki andikape yo opòtinite pou montre kreyativite yo, devlope konpetans biznis esansyèl, epi prepare yo pou lavni.

 

Se yon atmosfè pozitif ak akeyan kote chak elèv se yon antreprenè ki gen anpil valè. Souri sou figi yo di tout bagay!

Siksè Nan Chanpyona Gwoup Mizik Florid La

Lekòl Segondè Palm Beach Lakes se Chanpyon Eta a nan divizyon Gwoup Mizik Tradisyonèl Klas AA.

 

Se sizyèm ane konsekitif ekip la fini an premye plas nan Chanpyona Gwoup Mizik Florid la (FMBC).

 

Lòt lekòl nan Distri Rejyon Palm Beach yo te klase nan 10 premye plas nan divizyon respektif yo nan konpetisyon an, epi yon pwofesè te resevwa yon onè endividyèl nan men FMBC a.