Madi 20 Avril 2021
Konekte ak Manm Komite Direksyon Distri a Vityèlman
Manm Komite Direksyon Distri a ap òganize reyinyon kominotè vityèl semèn sa a ak lòt semèn ki ap vini an pou konekte ak konstitiyan yo epi pataje enfòmasyon sou nouvo plan estratejik distri a. Y ap disponib tou pou reponn kesyon epi tande kòmantè patisipan yo. Klike la a pou w enskri.
Fè Konesans ak Nouvo Chèf Polis Distri a
Daniel Alexander se nouvo Chèf Polis Distri a sipèentandan Doktè Fennoy nonmen. Li te nan pozisyon asistan chèf polis. Li pral ranplase Chèf Frank Kitzerow apre li bay demisyon li. Alexander ap kòmanse travay nan nouvo pozisyon sa a nan fen mwa avril la. Klike la a pou w li plis.

Sèvis Kominotè ak Egzamen Dezyèm Semès Anile pou FY21
Sipèentandan Donald E. Fennoy II pran desizyon pou anile obligasyon egzamen dezyèm semès yo pou FY21, epi pou li sispann egzijans sèvis kominotè 20 èdtan pou gradyasyon elèv ki pa satisfè gzijans sa a, men ki otreman sou wout pou gradye.

Jou pou Mennen Pitit ou Travay Avèk Ou
Jedi 22 avril se Jou Nasyonal pou Mennen Pitit ou Travay Avèk Ou pou paran ki ap travay andeyò lekòl yo. Sepandan anplwaye distri a pa p kapab mennen pitit yo lekòl yo oswa nan biwo distri a ak yo azok pwotokòl COVID-19. Klike la a pou w li plis.

Medya Sosyal Kreyòl Distri a Bezwen Nou Suiv Yo
Suiv medya sosyal Kreyòl Distri a pou montre enpòtans lang Kreyòl Ayisyen ak nesesite pwogram bileng Kreyòl/Anglè nan distri a tankou pwogram Panyòl/Anglè yo. Gen TWITTER, FACEBOOK, INSTAGRAM. Suiv nou sou @PBCSDKreyol.