Vandredi 25 Fevriye 2022
Asistan Sipèentandan Responsablite Pèfòmans Distri a ap eksplike wòl divizyon sa a pou siksè elèv.
Gade Cho Televizyon Nou "Enfòme W" Pou Semèn Sa a!

Sipèentandan Burke Ap Fè Eksperyans Repare Konpitè
Nan kad inisyativ sipèentandan an ki ap mete men nan pat la, li te ale wè ak je l epi fè eksperyans kijan yo repare konpitè nan Distri a.
Elèv Ap Aprann Leson STEM Nan Konstwi Kay Zwazo
Elèv nan pwogram ESE nan Lekòl Segondè Palm Beach Central ap aprann sou espès zwazo ki migre Florid pandan ivè a nan bati nich kay pou yo.  
Elèv Ap Benefisye Koneksyon Wifi Gratis
Aksè gratis entènèt vitès rapid ap ogmante pou fanmi ki nan zòn Glades yo gras ak Pwojè Wi-Fi Minisipal la. Nan dat 24 fevriye, yo te distribye anviwon 100 reseptè Wi-Fi bay fanmi elèv ki ale nan Lekòl Elemantè Glade View nan Belle Glade.
Elèv ak tout estaf yo te abiye an woz pou sipòte kanpay kont entimidasyon ak arasman epi pwomote bonte pou inisyativ Jou Pou Mete Rad Woz. Gade koleksyon foto yo.
Suiv @PBCSDKreyol sou Facebook, Twitter, ak Instagram pou jwenn mizajou
nouvèl nan lang Kreyòl Ayisyen.