8 Desanm 2025

 
Facebook  Instagram  X  YouTube

Sipèentandan Burke Ap Mete Men Nan Pat la:

ďťżPwogram Wobotik

 

Byenvini nan yon lòt epizòd ak Sipèentandan Burke! Mwa sa a, Mesye Burke ap fè eksperyans pratik ak pwogram Wobotik nan Lekòl Mwayen-Segondè Pahokee, kote l ap travay avèk elèv yo nan konpetisyon pou konstwi epi pwograme wobo.

 

Gade kijan pwogram dènye kri sa a mete elèv yo sou bon chemen pou karyè nan jeni, syans enfòmatik, ak fabrikasyon gwo teknoloji gras ak fòmasyon espesyalize ak eksperyans konsepsyon nan lavi reyèl.


Aplikasyon pou pwogram Chwa pou ane lekòl 2026-2027 la ouvri kounye a. Dat limit pou aplikasyon yo se vandredi 30 janvye 2026. Vizite paj entènèt Pwogram Chwa Distri a pou plis enfòmasyon epi pou aplike.

Siksè Lekòl Entèmedyè Beacon Cove Nan Konkou Atizay

Yon elèv nan lekòl Beacon Cove, Arya Ortega, genyen premye plas pami plis pase 230 patisipan nan Konkou Atizay pou Jèn nan 21yèm Distri Kongrè 2025 la.

 

Lily Vinson, yon lòt elèv Beacon Cove, resevwa yon mansyon onorab kòm youn nan 20 finalis yo.

 

Konkou Atizay anyèl pou Jèn 21yèm Distri a rekonèt elèv ki genyen talan nan lekòl primè ak mwayen nan 21yèm Distri a. Tèm konkou ane sa a se te agrikilti.

Priscila Eldridge Se Nouvo Gayan

Inisyativ Pwofesè Pou Semèn Nan

Priscila Eldridge se nouvo gayan inisyativ “Remèsye Yon Pwofesè” nan Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la. Li jwenn nominasyon kòm Pwofesè Pou Semèn pase a. Li se yon pwofesè nan Lekòl Elemantè Barton. Li te resevwa vizit sipriz nan klas li pou gwo anons sa a.

 

Li resevwa yon chèk $500 soti nan men HCA Florida Healthcare ki se esponnsò inisyativ la pou ane sa a. Inisyativ “Remèsye Yon Pwofesè” genyen kòm objektif ankouraje epi rekonèt yon pwofesè paran, elèv ak kanmarad li nonmen pou gwo enpak pozitif li genyen sou elèv li ak devouman li nan travay li. 

 

Klike la a pou gade videyo a.

Prezantasyon Espesyal Lekòl: Lekòl Elemantè H.L Johnson

Elèv fantastik, pwofesè ekspè enkwayab, ak paran ki vrèman enplike, ede fè lekòl sa a yon lekòl ki gen yon nòt "A".

 

Rankontre elèv ak anplwaye Lekòl Elemantè H.L. Johnson yo.

 

• Klas: K-5

• Maskòt: Jaguar

• Koulè: Ble ak Dore

 

1000 Crestwood Blvd. N., Royal Palm Beach, FL 33411

561-904-9300

Prezantasyon Pwofesè: Pwofesè Lekòl Elemantè PBC Ap Fòme Lidè Pou Lavni Ak Yon Apwòch Pèsonalize

Soti nan CBS12 - Yvette Guardado anseye 4yèm ane nan Lekòl Elemantè Morikami Park nan Delray Beach.

 

Guardado te yon pwofesè pandan 17 ane nan Morikami Park, 15 ladan yo kòm yon pwofesè 4yèm ane.

 

Madan Guardado repite pou devouman li ak asistans endividyèl li elèv, sa ki finalman fè li se yon pwofesè eksepsyonèl nan lekòl sa a wo nivo sa a.

 

Li plis bagay sou Madan Guardado nan Repòtaj Pwofesè CBS12 la.