Yon reeleksyon pou Distri 6 ak Nouvo Manm Distri 7
Marcia Andrews, manm Komite Direksyon Distri a depi lontan, reeli pou reprezante Distri 6 la apre li genyen 56% bilten yo te depoze nan eleksyon jeneral 8 novanm yo.
Avoka lokal Edwin Ferguson eli ak 52% nan vòt pou Distri 7 la, pou ranplase Doktè Debra Robinson ki te pran retrèt apre li te sèvi nan Komite a depi 2000. Andrews ak Ferguson pral prete sèman nan dat 22 novanm. Y ap sèvi yon tèm 4 ane.
Ferguson te travay deja kòm pwofesè nan Lekòl Segondè Suncoast ak Palm Beach Lakes avan li vin yon avoka. Ak eleksyon li, kounye a li pral reprezante yon distri ki gen ladan Riviera Beach ak yon sipèfisi etwat ki rive jiska Delray Beach nan zòn ès I-95.