Madi 24 Mas 2020
IB anile egzamen Me 2020 yo
Yo anile egzamen Bakaloreya Entènasyonal pou mwa me 2020 ki te pwograme ant 30 avril ak 22 me yo.
Cambridge Entènasyonal Ranvwaye Egzamen Me/Jen 2020
Cambridge Entènasyonal anonse ke yo pa p fè seri egzamen entènasyonal pou mwa Me ak Jen 2020 an nan okenn peyi. Sa enkli Cambridge IGCSE, Cambridge Nivo O, Cambridge International Nivo AS & A, Cambridge AICE Diploma ak Cambridge Pre-U. (Klike la a pou w li plis.)
Prepare pou Aprantisay Dijital Adistans
Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la ap fè tout efò pou elèv yo kontinye jwenn edikasyon pandan yo lakay yo, paske biwo Gouvènè a ak Depatman Edikasyon Florid la oblije pou lekòl rete fèmen jiska 15 avril.
Biznis nan Kominote a Ap Fè Maraton pou Ekipman Dijital
Apre anons lekòl ap fèmen pou omwen jiska 15 avril la, Education Foundation of Palm Beach County asosye ak konpayi Florida Power and Light, Comcast, Office Depot ak Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la pou asire yo tout 180.000+ elèv nou yo gen aksè entènèt epi genyen ekipman yo bezwen pou aprann adistans... (Klike la a pou w li plis.)
Liy Enfòmasyon sou Coronavirus
Pou repons ou pa jwenn sou sit entènèt distri a, nou envite ou rele liy enfòmasyon Coronavirus Distri a. Liy telefòn nan ouvri lendi jiska vandredi, ant 8 a.m. ak 4 p.m.
Reprezantan yo disponib nan lang anglè, panyòl, ak kreyòl ayisyen. Nimewo telefòn nan se (561) 969-5840 .
JWENN KONEKSYON WIFI GRATIS GRAS AK XFINITY
Comcast ouvri rezo Xfinity li a nan tout peyi a GRATIS pou de mwa akoz kriz Coronavirs la. Sa ap ede elèv ki pa gen Wifi lakay yo jwenn koneksyon pou enstriksyon sou entènèt.

W ap jwenn plis enfòmasyon sou: internetessentials.com .
NIMEWO ENPÒTAN DISTRI A

Transpòtasyon......................561-357-1110

Operatè Telefòn....................561-434-8000

Pwogram Ochwa..................561-434-8755

Depatman ESE......................561-434-8740

Pwogram Apre Lekòl............561-687-6387

Biwo Sipèentandan..............561-629-8599

Komite Direksyon...................561-357-766