Vandredi 10 Fevriye 2023
Gen plis nan gradyasyon pase nòt sèlman - Èske pitit ou a konnen kondisyon obligatwa pou gradyasyon?

Elèv Distri Lekòl Rejyon Palm Beach oblije jwenn yon minimòm 20 èdtan sèvis kominotè pou yo gradye nan lekòl segondè. Elèv yo dwe ranpli èdtan sèvis kominotè yo ant finisman klas 8yèm ane ak lè yo gradye. Sèvis kominotè se yon kondisyon tou pou anpil bousdetid, tankou Bright Futures, ak lòt pwogram pou kolèj.

Objektif sèvis kominotè se pou elèv yo patisipe nan aktivite ki ede yo devlope yon apresyasyon pou travay pou ede kominote yo.

Bito David nan emisyon “ENFÒME W” nan Distri Lekòl Rejyon Palm Beach ap resevwa kòm envite Margueline Rimpel ki ap pale osijè sa paran dwe konnen osijè rès ane akademik pitit yo kote l ap kouvri sijè tankou:
  • Preparasyon pou gradyasyon
  • Kontak ak Konseye Adademik
  • Dat gradyasyon
Desizyon Pran... Gade Kijan Jounen Nasyonal Siyati An Te Pase
 
Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la gen anpil elèv ki gen don akademik ak atletik. Premye fevriye, chak lekòl segondè nan distri a te selebre "Jounen Siyati Nasyonal" pandan zanmi, fanmi, ak lòt etidyan yo te temwen moman yo te espere anpil lè elèv klas tèminal yo pral ap aksepte bousdetid yo epi anonse nan ki inivèsite y ap enskri.
 

Remèsye Yon Pwofesè

Anthony Martin se pwofesè ki genyen pri 'Remèsye Yon Pwofesè Pou Semèn Nan'. Li se yon pwofesè nan Lekòl Mwayen Tradewinds. Inisyativ sa a rekonèt chak semèn yon pwofesè ke elèv, paran, ak estaf anplwaye nonmen pou devouman yo, pwofesyonalis yo, ak jan yo genyen enpak pozitif sou elèv. Klike la a pou gade videyo a. 
Elèv Jwenn Pasyon Nan STEM Gras Ak Fondasyon Edikasyon

Lekòl Elemantè Dr. Mary McLeod Bethune te youn nan senk lekòl nan eta Florid ki te resevwa sibvansyon FPL pou ranplasman klas pou avanse kourikoulòm STEM (syans, teknoloji, jeni, ak matematik), epi ogmante kantite elèv nwa yo nan STEM.  

Kijan Lekòl Segondè Boca Raton Priyorize Sante Mantal Elèv Ak Anplwaye Pandan Semèn Nasyonal Konsèye Yo

Tout kote ou gade nan Lekòl Segondè Boca Raton w ap remake mesaj ki montre sante mantal se yon priyorite pou tout kominote lekòl la. Mesaj sou ban yo nan zòn moun pase anpil yo di: "Ou Konpetan" ak "Ou Kapab Yon Ajan Chanjman." Direktè lekòl la, Doktè Susie King, di: "Plis elèv yo wè mesaj afimasyon pozitif sa yo, se plis yo kapab entènalize yo epi konnen yo pa poukont yo." Pandan li kanpe anba yon gwo siy ki ekri "fanmi," Doktè King di, "Se vrèman kilti nou genyen sou lakou lekòl la, nou isit la youn pou lòt tout tan."

Lekòl Segondè Boca Raton pwodui tou videyo "Lendi Motivasyon" yo poste sou Entènèt epi pataje nan klas yo. Nan videyo yo, pwofesè pataje eksperyans pèsonèl yo. Objektif la se bati yon kilti solid ak senpati, konpasyon, epi koneksyon.

Suiv @PBCSDKreyol sou Facebook, Twitter, ak Instagram pou jwenn mizajou
nouvèl nan lang Kreyòl Ayisyen.