29 Septanm 2025

 
Facebook  Instagram  X  YouTube

Remèsye Yon Pwofesè: Arturo Martinez Ak Holly Story

Nan Lekòl Elemantè Meadow Park

 

N ap selebre de edikatè eksepsyonèl ki resevwa prim Remèsye yon Pwofesè nan distri a pou semèn sa a. Arturo Martinez ak Holly Story travay ansanm nan pwogram bileng nan Lekòl Elemantè Meadow Park.

 

De pwofesè dinamik sa yo travay di pou ede elèv senkyèm ane nan klas yo vin bileng. Pou reyalizasyon etonan yo, yo toulede resevwa yon chèk $500 nan men

HCA Florida Healthcare.

 

Gade videyo sipriz semèn sa a.


Nonmen pwofesè ou prefere pou mete non yo nan konpetisyon pou

“Remèsyè yon Pwofesè.”

Chanm Komès Ispanik Ameriken Eta Florid Onore Elèv Ak Pwofesè Eksepsyonèl Nan Distri A

Uit elèv eksepsyonèl ak de pwofesè ki soti nan Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la resevwa bousdetid ak prim nan men Chanm Komès Ispanik Ameriken Eta Florid (FHACC).

 

Elèv yo te onore pandan evènman an se te tout elèv klas tèminal ki genyen gwo nòt ak pèfòmans akademik ekselan.

 

De edikatè te resevwa Prim Pwofesè Eritaj Ispanik Pou Ane a 2025 la.

 

Klike la a pou plis enfòmasyon.

Lekòl Elemantè Pine Grove Renove Pou Yon Nouvo Eksperyans Aprantisaj

Lekòl Elemantè Pine Grove ap selebre yon nouvo eksperyans Aprantisay ak yon kanpis modènize ki te ofisyèlman inogire. Felisitasyon!

 

Transfòmasyon enkwayab sa a onore rich istwa Pine Grove pandan l ap kreye yon espas dènye kri pou lavni.

 

Eksitasyon an pa rete la. Lekòl la te resevwa tou yon nòt "A" ane sa a pou premye fwa nan 18 ane.


Gade videyo a.

Men Yon Mesaj Enpòtan Pou Fini Mwa Konsyantizasyon Enpòtans Prezans Lekòl

Distri a renmen wè figi elèv nou yo k ap souri, pare pou aprann, chak jou.

 

Lekòl la se plis pase yon senp bilding, se yon fanmi ki gen sousi pou ou. Prezans ou enpòtan, epi chak jou ede fòme avni ou.

 

Lè ou rate jou lekòl, ou rate moman pa ou. Pa kite absans afekte siksè ou. Toujou prezan lekòl pou asire avni w.

Nan seri videyo enfòmasyon pou kominote a pou mwa sa a, Direktris Doktè Sandra Moreau nan Lekòl Elemantè Pioneer Park nan Belle Glade ap fè paran ak responsab legal timoun yo konnen enpòtans prezans lekòl.

 

Klike la a pou w gade video a.