Vandredi 15 Avril 2022
Nicole Smith Ap Prezante Depatman Pwogram Federal Ak Eta a
Gade Cho Televizyon "Enfòme W"
Pou Semèn Sa a!

Sijè semèn nan se: ENPÒTANS TRAVAY VOLONTÈ NAN LEKÒL YO ak Evelyne Laurevil.
Pwogram Avanse Matematik Akselere Siksè Elèv
Gen yon pwogram matematik avanse ki disponib pou elèv soti nan klas twazyèm pou rive senkyèm. Kou sa yo pi difisil men yo ede elèv anpil, menm sa yo ki ap fonksyone pi ba pase nivo klas yo. Li ta enteresan pou paran chwazi l pou pitit yo.
Pwofesè Pou Semèn Nan
Pwofesè klas premye, Michael Galluci, nan Lekòl Elemantè Marsh Pointe, entwodui plizyè karaktè diferan nan fason li anseye. Pou motive elèv li aprann, li abiye fason komik epi imite vwa karaktè yo renmen tankou Pegleg Pete ak Chef Black. Li nonmen pwofesè pou semèn nan. 
Elèv Nou Yo Ede Moun Prepare Taks Yo Gratis
Apati trening yo pran nan pwogram VITA a (Asistans Volontè pou Ranpli Taks) pou prepare taks, elèv nan de nan lekòl segondè nou yo ede moun ki kalifye nan kominote a prepare taks yo gratis. Klike la a pou w aprann plis osijè pwogram preparasyon taks sa a.
Nouvèl WPTV - Se klib apre lekòl ke pèsonn pa ta vle antre ladan l. Yon pwofesè nan Rejyon Palm Beach la pran inisyativ li rele "Steve's Club", ki se yon pwogram pou elèv ki ap pase moman lapenn akoz yo pèdi yon paran. Tande jan elèv yo ap pale de eksperyans pozitif yo fè nan pwogram sa a.
Suiv @PBCSDKreyol sou Facebook, Twitter, ak Instagram pou jwenn mizajou
nouvèl nan lang Kreyòl Ayisyen.