Vandredi 28 Me 2021

Chak vandredi Sipèentandan Doktè Donald E. Fennoy II ap fè w konnen sa k ap pase nan Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la.

Vaksen San Randevou Kont COVID-19 Pandan Wikenn Selebrasyon Sòlda ki Mouri nan Lagè yo pou Granmoun ak Timoun ki Genyen Plis Pase 12 ane

Pandan wikenn Memorial Day sa a, fanmi yo kapab ale pran vaksen san randevou nan klinik mobil Distri Swen Sante Rejyon Palm Beach la anba lavil Delray Beach ak Lake Worth Beach, ak nan Lake Worth Beach Park.

Ekip klinik la ap bay aksè fasil pou vaksinasyon gratis COVID-19 pou granmoun, ak timoun ki gen plis pase 12 an. Klike la a pou w li plis.
Pwofesè Nan Distri a Ranpòte Tout Prim Dwyer yo

Pwofesè ki soti nan distri lekòl rejyon Palm Beach lekòl yo ranpòte tout sèt kategori pri 2021 William T. Dwyer Awards pou ekselans nan edikasyon ke Economic Council of Palm Beach County Foundation, Inc prezante. Klike la a pou w li plis.
Donasyon Pou
Klas Sekirite Sibènetik 

Gras ak yon donasyon ki soti nan Project Lead the Way, elèv nan Lekòl Elemantè Royal Palm Beach ap gen opòtinite pou yo pran yon nouvo kou nan domèn sekirite sibènetik ki gen anpil demand aktyèlman. Komite Direksyon Distri a apwouve don 10,000 dola sa a nan dat 19 me. Klike la a pou w li plis.
Elèv Distri yo Se Gwo Gayan nan Ekspozisyon Fim

Pasyon pou reyalize fim bay rezilta pou twa elèv Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la ki te resamman gayan nan plizyè kategori nan 26yèm Ekspozisyon Fim Chak Ane a (The 26th Annual Palm Beaches Student Showcase of Films (SSOF). Klike la a pou w li plis.
Avan dènye vèsyon Remèsyon yon Pwofesè pou ane sa a, patisipan nan Lekòl Calusa soumèt yon total 550 nominasyon.

Konpliman pou twa gayan yo: Adam Procaccini, Heather Sieminkewicz, ak Michelle Reilly. Vizit sipriz la te menm genyen yon imaj Disney ladan l. Klike la a pou w gade.
Suiv @PBCSDKreyol sou Facebook, Twitter, ak Instagram pou jwenn mizajou
nouvèl nan lang Kreyòl Ayisyen.
Me se te MWA ERITAJ AYISYEN
Nou te kontan selebre epi pataje istwa nou, kilti nou, tradisyon nou, fyète nou, nan kominote kote n ap viv nan dyaspora a.