Vandredi 12 Novanm 2021
Gade Cho Televizyon Nou "Enfòme W" Pou Semèn Sa a!

"Enfòme w" se vèsyon videyo bilten enfòmasyon nou chak semèn.
Nan emisyon sa a n ap pale osijè: Sikoloji Nan Domèn Edikasyon
Yo Te Sèvi Peyi A Kounye A
Y ap Sèvi Elèv Nou Yo
Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la remèsye tout veteran yo ki se anplwaye distri a. Seremoni anyèl pou selebre veteran yo te montre apresyasyon pou travay yo, kouraj yo, ak sakrifis yo.

Ekip Sante Mantal Yo Bay Sipò Ki Enpòtan
Pandan semèn 8 pou rive 12 novanm 2021, lekòl atravè peyi Etazini te selebre Semèn Nasyonal Sikoloji Lekòl pou mete aksan sou travay enpòtan sikològ lekòl yo ak lòt edikatè yo fè ki ede elèv yo pwospere.

Etid Olokòs Anseye
Elèv Nou Yo Konpasyon
Pou make 83 depi Kristallnacht ak pou onore Semèn Edikasyon Olokòs nan Eta Florid, lekòl yo te genyen anpil pwogram espesyal pou anseye elèv yo istwa Olokòs. Genyen leson pou chak nivo laj ki entegre nan kourikoulòm lekòl yo nan tout Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la pandan tout ane a.
Stephanie Godfrey Se Gayan "Remèsye Yon Pwofesè"
Pou semèn sa a gayan inisyativ "Remèsye Yon Pwofesè" se Stephanie Godfrey. Li se yon pwofesè nan Lekòl Elemantè Banyan Creek. Inisyativ sa a ankouraje pwofesè ki devwe epi dedye tout resous yo nan edikasyon elèv nou yo.
Elèv Jwenn Anpil Opòtinite Pou Eksplore Lanati
Elèv ki nan Lekòl Elemantè Galaxy E3 nan Boynton Beach ap aprann enfòmasyon sou ekosistèm lokal la deyò lekòl yo. Vil Boynton Beach te kolabore ak Distri a pou vizit edikatif nan Galaxy Sand Pine Scrub Preserve.
Konsil Peyi Espay Vizite Lekòl Mwayen Okeeheelee
Konsil Jeneral Espay la nan Miami te vizite Lekòl Mwayen Okeeheelee pou premye fwa pou eksplore Akademi Entènasyonal Panyòl la epi selebre reyalizasyon elèv yo.

Chèf Polis Distri a, Dan Alexander, te pale ak CBS 12 konsènan ogmantasyon konsiderab nan kantite menas kont kanpis lekòl yo, ni nasyonalman ni lokalman. Li te eksplike fanmi yo kapab jwe yon wòl nan kenbe lekòl yo an sekirite. Gade repòtaj la.

Nan Florid, fè yon menas kont yon lekòl se yon krim dezyèm degre. Sa a aplike si menas la ekri oswa pa mwayen elektwonik, oswa menmsi li ta fèt kòm yon plezantri oswa blag. Rapòte aktivite ki sispèk oswa menas atravè FortifyFL.
Suiv @PBCSDKreyol sou Facebook, Twitter, ak Instagram pou jwenn mizajou
nouvèl nan lang Kreyòl Ayisyen.