Vandredi 20 Me 2022
Diane Wyatt Ap Prezante Depatman Sekirite Lekòl.
Misyon Depatman Sekirite Lekòl la se pou bay yon kote nan Rejyon Palm Beach pou chak timoun kapab vin lekòl epi santi yo an sekirite, santi yo sipòte epi asire ke klima a se yon klima kote yo kapab reyisi.
Gade Cho Televizyon "Enfòme W" Pou Semèn Sa a!
Sijè semèn nan se: Kontinye Aprann Pandan Vakans ak Oderson Cadeus
Sipèentandan Burke Ap Mete Men Nan Pat la
Paran te mande nan repons ankèt pou Plan Estratejik la pou genyen plis aktivite deyò lekòl yo pou amize elèv. Nan epizòd sa a Sipèentandan Mike Burke pase tan l ak pwofesè edikasyon fizik Jennifer Johnson nan Lekòl Elemantè Lake Park pou fè aktivite ak elèv yo. Gade videyo a.
Bousdetid Pathfinder Bay Elèv Plis Pase $3 milyon
Bousdetid Pathfinder se inisyativ Palm Beach Post ki selebre elèv klas tèminal yo nan Rejyon Palm Beach ak Martin.

Depi entwodiksyon l, li bay plis pase $3.2 milyon dola pou plis pase 2,450 elèv ki ap fini lekòl.
Manje Gratis Pou Timoun Pandan Ete 2022
Sèvis Manje Lekòl la ap kontinye ofri manje gratis pandan ete a, nan divès lekòl ak bibliyotèk nan Rejyon Palm Beach la. Tout lokal ki gen lekòl pandan vakans ap ouvri pou timoun ki gen laj 18 an oswa pi piti pou vin pran manje gratis. Pa gen okenn idantifikasyon obligatwa. Klike la a pou w li plis.
ME SE MWA ERITAJ AYISYEN

Plizyè nan lekòl nou yo selebre Fèt Drapo Ayisyen mèkredi ki te 18 Me a. Se te okazyon pou elèv montre fyète yo nan eritaj yo. Anpil aktivite atistik, kiltirèl, ak akademik te òganize.

Suiv @PBCSDKreyol sou Facebook, Twitter, ak Instagram pou jwenn mizajou
nouvèl nan lang Kreyòl Ayisyen.