24 Out 2026

 
Facebook  Instagram  X  YouTube
Pankat ak foto twa chofè Bis epi ki make N AP ANPLWAYE CHOFÈ BIS

Aplike Pou Yon Djòb Chofè Bis

Nan Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la

 

Fè yon diferans nan lavi elèv yo chak jou pandan w ap touche yon bon salè epi w ap benefisye avantaj travay aplentan. Nou genyen yon nouvo salè debaz ki kounye a se

$20.65 pa èdtan.

 

Vin travay nan lekòl nou yo kòm chofè bis jodi a. Nou bay fòmasyon CDL peye ak bonis ankourajman pou moun ki fèk anboche ki kapab rive jiska $5,000 ki ap tann ou.


Klike la a pou w jwenn plis enfòmasyon.

De Lekòl Segondè Nan Distri A Klase

Pami 1% Pi Bon Nan Peyi A

Yon jèn elèv gason ak abiman gradyasyon dèyè yon podyòm ap bay yon diskou

Distri Lekòl Rejyon Palm Beach konfime pozisyon li kòm yon gwo potomitan nan edikasyon piblik, avèk de nan lekòl li yo ki klase pami 1% pi bon lekòl segondè nan tout peyi a.

 

Dapre dènye klasman anyèl U.S. News & World Report pibliye a, Suncoast High School klase an 81yèm pozisyon, epi Alexander W. Dreyfoos School of the Arts nan West Palm Beach klase an 125yèm pozisyon pami 18.000 lekòl segondè piblik Etazini.

 

Li plis enfòmasyon sou klasman remakab sa a.

Nonmen Pwofesè Prefere W Pou Li Genyen Pri $500

Nan Kanpay "Remèsye Yon Pwofesè”

Yon fi ki ap manifeste yon sipriz li pran

Kanpay "Remèsye Yon Pwofesè" nan Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la se yon fason pou selebre edikatè yo epi montre rekonesans pou travay enpòtan y ap fè ak timoun nou yo.

 

Gras ak yon don jenere ki soti nan HCA Florida Healthcare, pwofesè ki genyen chak semèn nan ap resevwa yon chèk $500.

 

Sonje pou pwopoze non pwofesè ou pi renmen an pou l kapab patisipe nan kanpay la. 



Klike la a pou w nonmen youn.

Prezantasyon Espesyal Lekòl: 

Lekòl Elemantè Coral Sunset

Twa jèn elèv adolesan ak inifòm lekòl yo

Yon lekòl ki gen nòt "A" pandan plizyè ane youn apre lòt, san konte Depatman Edikasyon Florid la te nonmen li kòm yon "Lekòl Ekselans".

 

Rankontre elèv ak anplwaye Lekòl Elemantè Coral Sunset.

 

• Klas: VPK-5

• Maskòt: Dofen

• Koulè: Oranj ak Ble

 

22400 Hammock St.

Boca Raton, FL 33428

561-477-2100

Felisitasyon Pou Sèvis Kliyantèl: Laura Morris

Asistan Administratif

Foto figi yon fi ki ap souri

Madam Morris toujou fè plis pase sa yo mande l pou l sipòte elèv, fanmi ak anplwaye yo avèk devouman epi yon atitid pozitif.

 

Li genyen yon atansyon espesyal pou chak elèv. Fason li pran devan pou rezoud pwoblèm ak angajman li anvè kominote a rann li yon manm enpòtan ekip nou an ki bay bon jan ekzanp ekselans nan sèvis kliyantèl.  .

 

Nonmen yon moun ki merite felisitasyon pou jan li bay bon sèvis kliyantèl.