Madi 25 Fevriye 2020
Yon Elèv nan Lekòl Glade View Eksele nan SuccessMaker Mat
Zscore Noel se youn nan elèv ki gen pèfòmans avanse nan pwogram Pearson SuccessMaker nan Lekòl Elemantè Glade View. Noel, yon elèv katriyèm ane, te onore pou pwogrè li fè nan matematik soti nivo 4.0 pou rive 4.87, yon akonplisman remakab pou yon elèv... (Klike la a pou w li plis)
Nouvo Fòm Aplikasyon pou FAFSA 2020 an Disponib
Sèvi ak nouvo fòm Aplikasyon pou Èd Finansye Federal (FAFSA) pou mande èd pou peye kolèj oswa inivèsite.  Free Application for Federal Student Aid (FAFSA)
Aplike Kounye a pou Bousdetid FFEA a
Y ap aksepte kounye a aplikasyon pou bousdetid Florida Future Educators of America (FFEA) . Pwogram nan te mete soup ye pou ede Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la "devlope pwòp pwofesè pa l".

Sonje pou w bay Opinyon w:
Kesyonè sou Efikasite Lekòl yo, Ankèt pou Paran
Nou vle tande opinyon w. Kesyonè sou efikasite Lekòl yo (SEL/ SEQ) mezire pèsepsyon w osijè efikasite lekòl nou yo.
Kesyonè a bay lekòl yo ak Distri a bon jan enfòmasyon pou yo devlope epi kenbe yon klima pozitif ki bay sipò pou gwo pèfòmans ki se tèm prensipal nan plan estratejik la.
 
KILÈ: Ankèt la ap kòmanse 17 Fevriye epi l ap fini 13 mas
POU KIYÈS ENVITASYON SA A: Paran elèv ki enskri nan lekòl elemantè, mwayen, ak segondè nan distri a.
Sonje: Pa Gen Lekòl 17 Mas
Pa p gen lekòl pou elèv madi ki ap 17 mas 2020 an. Komite Direksyon Distri a fè chanjman nan kalandriye a paske lekòl yo ap gen pou sèvi kòm biwo vòt nan eleksyon ki ap vini yo. Jou a se ap yon jou fòmasyon pwofesyonèl pou anplwaye. Elèv ap tounen lekòl apre vakans prentan 30 mas olye 31 mas. (Klike la a pou wè kalandriye a)
Koze Jèn yo ki ap Ponpe Lafimen an ap Ba w Pwoblèm? Ale Patisipe nan Seminè ki Pral Pale sou sa
Ou dwe konsène. Pousantaj adolesan ak jèn ki ap ponpe lafimen ap ogmante chak jou malgre tout risk sante sa bay.
Seminè a ap fèt jedi 5 mas soti 6:00 pou rive 9:00 p.m. nan Lekòl Segondè Jupiter.
Opsyon pou Vaksen Kont Grip
Malerezman, Healthy Schools, LLC, ki bay vaksen kont grip pou elèv ki nan lekòl nou yo, sispann pwogram vaksen kont grip la pou ane lekòl sa a. Li enpòtan pou paran yo okouran de lòt opsyon kote vaksen kont grip la disponib pou timoun a ba pri oswa gratis. (Klike la a pou w li plis)
Remèsye Yon Pwofesè
BETH DEWALT

Beth Dewalt, se pwofesè nan akademi premedikal nan Lekòl Mwayen Woodlands. Li enspire epi motive elèv yo pou gen tan chwazi karyè ki enterese yo. Anpil elèv konsidere l tankou pwofesè prefere yo. Li se pwofesè ki chwazi pami pwofesè ki jwenn nominasyon nan Remèsye yon Pwofesè chak Jedi. 

KONPLIMAN epi MÈSI !
NIMEWO ENPÒTAN DISTRI A

Transpòtasyon......................561-357-1110

Operatè Telefòn....................561-434-8000

Pwogram Ochwa..................561-434-8755

Depatman ESE......................561-434-8740

Pwogram Apre Lekòl............561-687-6387

Biwo Sipèentandan..............561-629-8599

Komite Direksyon...................561-357-766