Tande Mesaj Enspirasyon Loreya Pwomosyon 2024 la
Se sezon gradyasyon ofisyèlman nan Rejyon Palm Beach la pandan plizyè milye elèv klas tèminal ap mache sou podyòm pou pran diplòm yo.
Pou Loreya Pwomosyon 2024 la nan Lekòl Segondè West Boca Raton, Nicole Stone, gradyasyon li te genyen yon gou dous epi anmè anmenmtan paske li tonbe jou dat anivèsè lanmò papa l epi li te kanpe dèyè menm podium frè l, Alexander, te kanpe ane 2022 a.
Nicole di papa yo te toujou anseye yo enpòtans rete pozitif. Stone te di nan diskou gradyasyon li: "Mwen kwè moun kapab chwazi kè kontan. Souri se yon bagay ki kontajye. Epi moun ki kontan fasilman kapab transfere l bay lòt moun."