Madi 22 Oktòb 2019
Komisyon Direksyon Distri a Apwouve Ansèyman Istwa ak Kontribisyon Ayiti  

Pandan reyinyon regilye li mèkredi, 16 oktòb 2019, Komisyon Konsèy Distri a vote pou apwouve kou pou anseye Istwa ak Kontribisyon Ayiti nan yon Kontèks Global.

Silabis la ap genyen ladan l: Istwa Repiblik Ayiti, Jewografi Imèn, ak Syans imanitè yo.   (Klike la a pou w li plis)
Opsyon pou Vaksen Kont Grip

Responsab Sante yo ankouraje tout moun pran vaksen pou pwoteje tèt yo kont viris grip la.

Malerezman, Healthy Schools, LLC, ki bay vaksen kont grip pou elèv ki nan lekòl nou yo, sispann pwogram vaksen kont grip la pou ane lekòl sa a. (Klike la a pou w li plis)
Al Patisipe nan Fwa Kolèj ak Karyè pou Pare Fiti Elèv nou yo
Fwa a ap òganize mèkredi 23 oktòb soti 6:00 PM pou 8:00 PM nan South Florida Expo Center East ki nan 9067 Southern Blvd. nan West Palm Beach. Pakin gratis.
Oktòb se Mwa Konsyantizasyon sou Vyolans Domestik
Nan reyinyon regilye li, Komite Direksyon Distri Lekòl Rejyon Palm Beach vote pou Pwoklame mwa Oktòb 2019 Mwa Konsyantizasyon sou Vyolans Domestik.

Remèsye Yon Pwofesè
Melanie Deangelis

Se pwofesè Lekòl Mwayen Bak ki te sèvi kòm ekstèn nan FPL pandan ete a. Li jwenn rekonesans pou tout kontribisyon li ki vin bay yon patant pou FPL.  

KOMPLIMAN!

NIMEWO ENPÒTAN DISTRI A

Transpòtasyon......................561-357-1110

Operatè Telefòn....................561-434-8000

Pwogram Ochwa..................561-434-8755

Depatman ESE......................561-434-8740

Pwogram Apre Lekòl............561-687-6387

Biwo Sipèentandan..............561-629-8599

Komite Direksyon...................561-357-766