3 Out 2026

 
Facebook  Instagram  X  YouTube
Grafik Enskri Pou Transpòtasyon Nan Bis Pou Ane Lekòl La


Lekòl Ap Reouvri Lendi 10 Out: Men Sa ou Genyen Pou W Fè Pou W Pare Pou Yon Bon Ane



Premyèman: Enskri Pou Transpòtasyon Nan Bis

Pou Ane Lekòl La

 

Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la egzije pou tout elèv ki ap pran bis pou ane lekòl pou enskri nan Depatman Transpòtasyon nan pòtal "Register Your Ride" la.

 

Paran ak moun ki responsab elèv yo dwe enskri rapidman pou asire yo asiyen yon bis pou pitit yo. Elèv la dwe gen kat idantifikasyon pou li kapab itilize l lè l ap enskri. Elèv ki nan Pwogram Chwa yo kapab jwenn sèvis transpòtasyon si yo rete nan zòn transpòtasyon Chwa yo deziyen pou lekòl la.

 

Aprann kijan pou enskri pou transpòtasyon nan bis pou pitit ou. 


Si ou genyen nenpòt pwoblèm pou konekte:

 

•  Voye yon imèl bay AskTransportation@palmbeachschools.org. Tanpri mete ladan l non elèv la, nimewo idantifikasyon elèv la, ak yon deskripsyon pwoblèm nan.

 

•  Ou kapab kontakte Sant Apèl pou Transpò tou nan nimewo 561-357-1110. Gen reprezantan ki disponib sèt jou pa semèn, soti 6 a.m. pou rive 6 p.m., epi yo ka ede w tou pou w enskri pou sèvis transpò bis lekòl la.

Dezyèmman: Konnen Orè Lekòl Pitit Ou

Foto elèv anliy ki ap rantre lekòl

Orè pou kòmansman ak lè lekòl yo lage pou ane eskolè 2026-2027 la ap rete san chanjman; y ap kontinye swiv menm orè yo te itilize ane avan yo.

 

An jeneral, orè pou lekòl segondè yo se 7:30 nan maten pou 2:50 nan aprèmidi. Orè pou lekòl mwayen yo se 9:30 nan maten pou 4:05 nan aprèmidi. Orè pou lekòl primè yo anjeneral se 8:00 nan maten pou 2:05 nan aprèmidi.

 

Men, gen kèk lekòl ki kapab chanje orè yo pou akomode pwogram espesyal yo genyen.  

 

Li plis enfòmasyon sou orè kòmansman ak fen lekòl la.

Twazyèmman: Jwenn Enfòmasyon

Sou Pwogram Manje Lekòl

Twa elèv ki chita nan kafeterya ap manje

Nou kontan kontinye sèvi elèv manje ki bon pou sante yo epi ki gen bon bon gou.

 

Mizajou Enpòtan: Pandan pifò lekòl yo toujou ofri manje gratis, gen kèk ki kapab mande peman kounye a.


Fanmi ou kapab kalifye pou manje gratis oswa a pri redwi selon revni ak gwosè kay la.


Aplike Kounye a pou Manje gratis oswa a pri redui.



Gade Ti Liv Enfòmasyon sa a pou jwenn:

 

  • Lyen pou lis lekòl yo.
  • Enfòmasyon sou manje yo.
  • Enfòmasyon sou pwosesis peman davans sou entènèt.
  • Lòt resous enpòtan.

 

Si ou gen Kesyon? Kontakte Manadjè Sèvis Manje Lekòl pitit ou a oswa pa ezite rele nimewo 561-383-2000.

Katriyèmman: Rete Angaje Ak Pòtal Paran Distri A

Grafik Sistèm Enfòmasyon Paran

Gen yon Pòtal pou Paran ki disponib nan sistèm Sistèm Enfòmasyon sou Elèv ("Student Information System (SIS Gateway"). Li pèmèt paran ak moun ki responsab elèv yo jwenn aksè ak plizyè aplikasyon ak fòm Distri a.

 

Sistèm Enfòmasyon sou Elèv ki rele SIS Gateway an anglè se yon zouti enpòtan pou fanmi yo kapab rete konekte epi patisipe nan edikasyon pitit yo.

 

Ou kapab jwenn aksè nan SIS Gateway sou sit palmbeachschools.org/gateway, oswa lè w chèche "Palm Beach County SIS Gateway" nan Apple App Store oswa Google Play Store.

Senkyèmman: Ekonomize Nan Achte Founiti Klasik

Peryòd Egzansyon Taks Sou Atik Ki Gen Rapò Ak Lekòl

Peryòd espesyal pou pa peye taks pou founiti klasik pou ane 2026 la kòmanse lendi 20 jiyè 2026 epi l ap fini jedi 20 out 2026.

 

Pandan peryòd espesyal sa a, ou pa p peye taks lè w ap achte rad ak soulye, sèten founiti klasik, materyèl ak jwèt edikatif, òdinatè pèsonèl, ak sèten akseswa ki gen rapò ak òdinatè.

 

Jwenn detay sou atik ki gen ekzansyon taks pou peryòd sa a.

Sizyèmman: Prepare Elèv Jadendanfan Yo Pou Reyisit

Yon ti elèv fi ki ap montre foto li desinen

Nou kontan anpil pou n akeyi fanmi w epi ede ti elèv ou a byen kòmanse.

 

Chak timoun k ap antre nan jadendanfan pral resevwa yon twous preparasyon pou jadendanfan ki chaje ak zouti kolore ki fèt pou devlope konpetans nan lekti ak matematik pandan y ap jwe.

 

Fanmi yo kapab gade videyo sa yo pou yo aprann kijan pou yo itilize twous la.

 

Enskri pou jadendanfan pou w ka resevwa twous preparasyon pou jadendanfan an gratis.

Lekòl Yo Pral Sèvi Kòm Biwo Vòt Nan Jou Eleksyon Primè A

 

Madi 18 out 2026 se jou eleksyon primè nan Rejyon Palm Beach la. Anplis lòt biwo vòt ki genyen nan tout rejyon an, prèske 100 etablisman lekòl distri a jere pral sèvi tou kòm biwo vòt jou sa a.

 

Li plis pou w konnen ki lekòl ki pral sèvi kòm biwo vòt.