Madi 4 Fevriye 2020
Jesus Armas Ranpòte Pri Direktè pou Ane 2020 an
Jesús Armas, direktè Lekòl Segondè Royal Palm Beach la, ranpòte pri direktè pou ane 2020 an pou Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la.
Anons sa a te fèt madi pase pandan yon selebrasyon nan Manatee Lagoon , yon sant FPL Eco-Discovery . Fondasyon Edikasyon Rejyon Palm Beach la te òganize evènman an an kolaborasyon ak Distri a.
Konsèy pou Elèv ki Sou Wout Pou Gradye
Pandan yon elèv klas tèminal ap prepare l pou l fini ane a, genyen plizyè bagay enpòtan li dwe sonje. Videyo Inivèsite Paran sa a ap raple nou de twa detay pou kenbe nan lespri nou pandan n ap prepare n pou gradye.   (Gade videyo ak tradiksyon kreyòl)
Mwa Istwa Nwa
Distri Lekòl Rejyon Palm Beach mete ak kominote a pou selebre akonplisman ak kontribisyon nwa ameriken.
‘Ak konesans nou genyen sou sa ki PASE, nou aprann kijan pou bati yon meyè FITI.
Mwa Pou Selebre “Renmen Bis ou ” ak Onore Anplwaye Transpòtasyon
Pou mwa fevriye a ki se mwa pou selebre “Renmen Bis ou” Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la fyè pou akonpaye “ American School Bus Council ” pou onore anplwaye Depatman Transpòtasyon nou an.

Pran Prekosyon nan Zòn Tren ak Ray Tren
Li enpòtan pou elèv konnen kijan pou yo pran prekosyon nan zòn tren epi sitou sou ray tren yo. Zòn sa yo se zòn danje pou ni granmoun ni timoun. Kounye a nan Rejyon Palm Beach la genyen tren ki rapid. Sa vle di nou dwe pran plis prekosyon. 
Prepare Taks ou Gratis

Si revni fanmi w pa depase $66.000 pou ane 2019 la, ou kapab jwenn asistans gratis pou prepare taks ou nan youn nan lokal ki genyen volontè pou pwogram VITA ki ede moun ranpli taks yo. VITA se yon pwogram United Way Rejyon Palm Beach Patwone. Genyen plizyè lokal kote ou kapab jwenn sèvis VITA a. VITA ofri twa opsyon diferans pou preparasyon taks ou. Ou kapab fè oumenm sou entènèt oswa jwenn asistans yon volontè ki sètifye nan youn nan lokal ki genyen nan rejyon an.
Opsyon pou Vaksen Kont Grip

Malerezman, Healthy Schools, LLC , ki bay vaksen kont grip pou elèv ki nan lekòl nou yo, sispann pwogram vaksen kont grip la pou ane lekòl sa a. Li enpòtan pou paran yo okouran de lòt opsyon kote vaksen kont grip la disponib pou timoun a ba pri oswa gratis. (Klike la a pou w li plis)
Remèsye Yon Pwofesè
Corey Silio

Corey Silio se pwofesè ki jwenn aplodisman nan Lekòl Elemantè Crystal Lakes pou travay li ak bon jan enspirasyon li pote kay elèv pou yo devlope lanmou pou lekti. Direktè lekòl la te fè yon reyisyon espesyal pou remèsye l.

 
KONPLIMAN!
NIMEWO ENPÒTAN DISTRI A

Transpòtasyon......................561-357-1110

Operatè Telefòn....................561-434-8000

Pwogram Ochwa..................561-434-8755

Depatman ESE......................561-434-8740

Pwogram Apre Lekòl............561-687-6387

Biwo Sipèentandan..............561-629-8599

Komite Direksyon...................561-357-766