Nou atann nou pou elèv yo vini ak aparèy elektwonik distri a te ba yo a ak chajè li chak jou, epi pou yo byen chaje aparèy la chak swa. Pou elèv ki nan laj ba yo, lekòl yo gen dwa kenbe aparèy sa yo pou yo.
Nou atann pou tout lekòl genyen yon aparèy pou chak grenn elèv rive nan mitan mwa oktòb. Genyen ki ap rive akonpli sa depi avan.