Vandredi 28 Avril 2023
Sipèentandan Burke Onore Pou Devouman Li Pou Siksè Elèv Ak Defans Edikasyon

Sipèentandan Distri a Mike Burke resevwa prim Chanpyon pou Timoun nan seremoni anyèl Fondasyon Best Foot Forward nan dat 22 Avril la. Yo chwazi li pou angajman li ak lidèchip li pou sipòte inisyativ Best Foot Forward pou timoun ki riske.

Best Foot Forward se yon òganizasyon san bi likratif ki se yon lidè nan bay sipò akademik pou elèv ki nan adopsyon nan Rejyon Palm Beach la pandan 13 dènye ane yo. Pwogram ki baze nan lekòl li yo bay gid akademik ak ankadreman pou elèv ki genyen anpil pwoblèm lakay yo, soti nan jadendanfan rive nan kolèj.


Bito David nan emisyon “ENFÒME W” nan Distri Lekòl Rejyon Palm Beach ap resevwa kòm envite Moise Derosier osijè Mwa Eritaj Ayisyen ki pral selebre
pandan mwa Me a.

Kisa Mwa Eritaj Ayisyen Selebre?
Ki istorik selebrasyon sa a ?
Kijan Mwa Eritaj Ayisyen selebre? 

Distri A Ap Selebre
Mwa Eritaj Ayisyen
 
Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la ap komemore Mwa Eritaj Ayisyen. Selebrasyon chak ane sa a rekonèt kontribisyon valab Ayisyen fè nan istwa mond lan. Se yon selebrasyon istwa ak kilti ayisyen ak yon opòtinite pou pataje kilti a ak kominote a.

Remèsye Yon Pwofesè

Josh Schmidt se pwofesè ki genyen pri 'Remèsye Yon Pwofesè Pou Semèn Nan'. Li se yon pwofesè nan Lekòl Elemantè Lake Park. Inisyativ sa a rekonèt chak semèn yon pwofesè ke elèv, paran, ak estaf anplwaye nonmen pou devouman li, pwofesyonalis li, ak jan li genyen enpak pozitif sou elèv. Paran, sonje vote pou pwofesè ou konsidere ki merite rekonesans sa a.

Sipèentandan Burke Anonse Yon Nouvo Pwogram Bileng Anglè/Kreyòl Ayisyen
Nan Distri A

Nan dat 25 avril, pandan dejene edikasyon anyèl Chanm Komès Panyòl PBC ak Central PBC Chamber of Commerce, Sipèentandan Mike Burke anonse ouvèti yon nouvo pwogram bileng Anglè/Kreyòl Ayisyen nan Lekòl Elemantè Indian Pines, ak twa nouvo pwogram bileng Anglè/Panyòl nan Lekòl Mwayen Polo Park, Tradewinds, ak Lekòl Segondè Dr. Joaquín García. Distri Lekòl Rejyon Palm Beach genyen aktyèlman yon total 36 pwogram imèsyon lang nan lekòl yo.


Elèv Gwoup Vokal Dreyfoos School Of The Arts Ap Jwe Pandan Dine Gala
 
Elèv yo te kontan anpil tande se yomenm ki pral fè entwodiksyon nan maraton pou kolekte lajan “Save Our Musicians Foundations” ap òganize Samdi 29 Avril la. Inisyativ sa a sipòte Lekòl Atizay A. W. Dreyfoos. Ap genyen pèfòmans chantè renome Gwen Stefani!
 
Direktè Blake Bennett di Dreyfoos ekstrèmman onore non sèlman pou pèfòmans chantè Gwen Stefani men tou pou opòtinite elèv yo genyen pou patisipe. Direktè Bennett di toujou gen tikè ki disponib pou aktivite a. Klike la a pou achte sou entènèt.
 

Suiv @PBCSDKreyol sou Facebook, Twitter, ak Instagram pou jwenn mizajou
nouvèl nan lang Kreyòl Ayisyen.
Koneksyon Edikasyon Se Vwa Kreyòl Distri A Sou Radyo

Sonje Distri Lekòl Rejyon Palm Beach prezante KONEKSYON EDIKASYON. Koneksyon Edikasyon se vwa Kreyòl Distri a pou pote enfòmasyon pou paran ayisyen ak tout kominote a sou sa k ap pase nan lekòl yo ak nan distri a. Tout sa w bezwen konnen sou Distri Lekòl Rejyon Palm Beach pou w pi byen patisipe nan edikasyon pitit ou
w ap tande l sou frekans
980 AM Radio Haiti Amérique Internationale jedi a 5:30 nan apremidi.