Sipò pou Ansèyman Elèv ki sou Rekòmandasyon pou Rete Lakay yo: Klike la a pou jwen enfòmasyon enpòtan sou kijan pou elèv ki genyen rekòmandasyon pou rete lakay yo jwenn devwa lekòl yo.
Tablo COVID-19: Nan yon efò pou rete transparan, Distri a ap fè mizajou sou TABLO COVID-19 chak jou pou bay kantite ka ki konfime yo.
Nouvo Bilding Ak Nouvo Pwogram Parèt pou Reouvèti Lekòl la
Premye jou lekòl la te eksitan pou anpil elèv ki retounen nan bilding ki repare, renove, amenaje. Genyen ki ap benefisye nouvo pwogram akademik. Tout bagay sa yo se rezilta bon jan travay ki ap fèt ak taks santim 2016 la ak lajan referandòm 2018 la. Klike la a pou w gade videyo a.
Aparèy Pou Pirifye Lè Rann Klas Yo Pi Ansekirite
Aktyèlman y ap enstale aparèy ki pou pirifye lè nan tout klas lekòl elemantè yo ak nan klas elèv edikasyon espesyal yo ki genyen kondisyon vilnerab, ak nan klinik lekòl yo kòm mezi prekosyon.
Pou selebre koneksyon nan kominote a, elèv nan Lekòl Segondè Boca Raton desinen yon miray ak èd atis nan Sid Florid la ki rele Georgeta Fondos. Se te lite asosyasyon elèv ki rele "Latinos in Action" ki te gen pwojè desinen plizyè miray pou selebre divèsite. Klike la a pou w gade videyo a.
Elèv Resevwa Valiz Lekòl Ak Founiti Klasik
Fondasyon Edikasyon Rejyon Palm Beach la konekte ak òganizasyon nan kominote a pou kolekte epi distribiye valiz lekòl ak anpil founiti klasik pou elèv nan lekòl Tit I yo. Yo te arive distribiye 7.500 valiz bay elèv nan klas elemantè yo nan 14 lekòl. Klike la a pou w gade videyo a.
Elèv nan Lekòl Mwayen Watson B. Duncan te pase tan yo ap briye semèn sa a pandan yo t ap jwe mizik nan lakou lekòl la. Pa bliye sèvi ak #YourTimeToShinePBC sou medya sosyal yo pou pataje foto ak videyo ou ak Distri a.