18 Septanm 2023
Melanie Young Se Pwofesè Pou Semèn Nan
 
Melanie Young se nouvo gayan inisyativ “Remèsye Yon Pwofesè” nan Distri Lekòl Rejyon Palm Beach. Li jwenn nominasyon kòm Pwofesè Pou Semèn nan. Li se yon pwofesè klas twazyèm nan Lekòl Elemantè Discovery Key. Li te resevwa vizit sipriz nan klas li pou gwo anons sa a. Li resevwa yon chèk $250 soti nan men HCA Florida Healthcare ki se esponnsò inisyativ la pou ane sa a. Inisyativ “Remèsye Yon Pwofesè” genyen kòm objektif pou ankouraje epi rekonèt yon pwofesè paran, elèv ak kanmarad li nonmen pou gwo enpak pozitif li genyen sou elèv li.
Jedi 21 Septanm Se Jounen Pou Papa Mennen Pitit Yo Lekòl
Jedi 21 Septanm se jounen pou papa Mennen pitit yo lekòl. Jounen sa a sèvi pou mete aksan sou angajman papa nan edikasyon pitit yo. Li ede lekòl yo ankouraje koneksyon enpòtan sa a ak papa yo oswa moun ki jwe wòl papa pou timoun nan tankou: frè, tonton, granparan, bòpè, konseye, ak lòt modèl gason enpòtan nan lavi yon timoun.
 
Si w pa kapab mennen timoun nan lekòl, genyen plizyè fason ou kapab angaje nan edikasyon timoun nan, tankou ede ak devwa, ale nan konferans paran-pwofesè, ak patisipe nan aktivite lekòl yo.
 
Distri A Envesti Nan Elèv Apati Ansèyman Mizik
Anpil lekòl distri a gen bon nouvèl, yo gen opòtinite pou devlope pwogram mizik yo ane sa a! Ane lekòl sa a, Distri a te envesti $10-12 milyon dola atravè konte a pou "A Reason to Succeed," ke yo rele tou A.R.T.S. Inisyativ Mizik. Objektif la se bay plis elèv aksè a bon jan kalite edikasyon mizik. Lekòl k ap resevwa yo pral kapab itilize finansman an pou bezwen pwogram mizik endividyèl yo, tankou achte enstriman ak founiti, ak repare ekipman yo bay yo.
 
Sipèentandan Burke Pase Evalyasyon Anyèl Distri A Ak Yon Nòt Prèske Pafè
Chak ane, Komite Direksyon Distri a bay sipèentandan an yon evalyasyon pèfòmans pou detèmine efikasite li sou ekselans akademik, kwasans Distri a, ak pèfòmans jeneral. Pandan reyinyon komite a nan dat 13 septanm nan, manm distri 5 la ak Prezidan Frank Barbieri te bay rezilta evalyasyon pèfòmans anyèl Sipèentandan Mike Burke nan non komite a. Rezilta a te yon nòt prèske pafè ki se 4.8 sou 5.
 
Onore Konstitisyon An Ak Fondatè Etazini Yo
Chak ane nou selebre ak onore Jou Konstitisyon an ki te siyen nan ane 1787. Konstitisyon an se fondasyon gouvènman an epi li tabli dwa tout Ameriken. Lekòl yo ap anseye elèv yo pati enpòtan sa a nan istwa Ameriken an ak wòl Konstitisyon an kontinye jwe nan lavi nou chak jou.
 

Selebrasyon Mwa Eritaj Panyòl Ak Meni Manje Lekòl
 
Mwa Eritaj Panyòl selebre chak ane soti 15 septanm rive 15 oktòb. Elèv Lekòl Segondè Lake Worth kòmanse selebrasyon an ak ekip Sèvis Manje Lekòl la avèk kèk nouvo atik meni bon gou yo pral sèvi nan kafeterya nan tout distri a. Elèv yo pran echantiyon poul ak fwomaj, yanm fri, diri ak poul, ak  kesadiya. Pou wè meni manje midi lekòl ou a chak jou, klike la pou vizite sit entènèt Sèvis Manje ak Nitrisyon.