26 Janvye 2026

 
Facebook  Instagram  X  YouTube

Distri Lekòl Rejyon Palm Beach Ap Selebre Yon Lòt Ogmantasyon Nan To Gradyasyon Lekòl Segondè Yo


Dapre nouvo done Depatman Edikasyon Eta Florid pibliye, to gradyasyon pou Rejyon Palm Beach la se dezyèm pi wo pami sèt pi gwo distri lekòl yo, epi li depase mwayèn istorikman wo eta a.


To gradyasyon an 2025, ki gen ladan li lekòl distri a ak lekòl endepandan yo, ogmante soti 92.1% pou rive 93.5% an jeneral. To gradyasyon pou lekòl distri a opere yo ogmante

soti 95.9% pou rive 96.7%.


Li plis sou reyalizasyon sa a.

Felisitasyon Pou Sèvis Kliyantèl:

Laura Casey – Sekretè Medyatèk I

"Madanm Casey se yon avantaj vital pou lekòl nou an, kote li ankouraje yon anviwònman ki an sekirite epi akeyan.

 

Li toujou salye chak elèv pa non yo pandan l ba yo “high five”. Li kenbe estanda sekirite rijid pandan l ap asire tout moun santi yo gen valè.

 

Chalè ak devouman konstan li kreye yon atmosfè pozitif ki blayi soti nan lakou lekòl la rive nan biwo kote yo resevwa moun lekòl la. 


Fè yon nominasyon.

Julie Tognoni Se Nouvo Gayan

Inisyativ Pwofesè Pou Semèn Nan

Julie Tognoni se nouvo gayan inisyativ “Remèsye Yon Pwofesè” nan Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la. Li jwenn nominasyon kòm Pwofesè Pou Semèn pase a. Li se yon pwofesè nan Lekòl Mwayen Independence. Li te resevwa vizit sipriz nan klas li pou gwo anons sa a.

 

Li resevwa yon chèk $500 soti nan men HCA Florida Healthcare ki se esponnsò inisyativ la pou ane sa a. Inisyativ “Remèsye Yon Pwofesè” genyen kòm objektif ankouraje epi rekonèt yon pwofesè paran, elèv ak kanmarad li nonmen pou gwo enpak pozitif li genyen sou elèv li ak devouman li nan travay li. 

 

Klike la a pou gade videyo a.

Prezantasyon Espesyal Lekòl: Lekòl Elemantè Belvedere

Se yon vrè lekòl kominotè kote chak fanmi santi yo lakay yo. Pwogram akademik yo bati pou mond modèn nan avèk pwogram espesyal ki prepare elèv pou siksè alavni.

 

Rankontre elèv ak anplwaye Lekòl Elemantè Belvedere.

 

• Klas: K-5

• Maskòt: Abèy

• Koulè: Ble ak Blan

 

3000 Parker Ave.,

West Palm Beach, FL 33405

561-838-5900


Fè Konesans Ak Finalis Pou Pri Pwofesè Pou Ane A

Ak Anplwaye Sipò Lekòl Pou Ane A

 

Gade videyo chak finalis pou Pwofesè Ane a ak Anplwaye Sipò Lekòl pou Ane a nan kad Selebrasyon Anplwaye Eksepsyonèl pou 2025-2026.

 

Finalis Pwofesè Pou Ane a

Finalis Anplwaye Sipò Lekòl pou Ane A