Madi 1ye Septanm 2020
Sipèentandan Doktè Fennoy Swete Elèv Bon Retou Lekòl
Sipèentandan Doktè Donal Fennoy vizite plizyè lekòl pandan premye jou rantre klas la pou swete yo byenvini. Li vizite plizyè klas Google pou wè elèv yo vityèlman ki ap travay ak pwofesè yo. Sipèentandan Adjwen an te fè deplasman tou ale fè vizit.

Distri a Pwomote yon Ayisyèn Direktris Lekòl Elemantè Pioneer Park
Komite Direksyon Distri a apwouve Doktè Sandra Moreau-Oliver kòm nouvo direktris Lekòl Elemantè Pioneer Park nan Belle Glade.Li vin twazyèm Ayisyen-Ameriken nan Distri a ki ap dirije yon Lekòl.
Atansyon Paran! Pran Apèl Telefòn sou Chwa nou pou lè Kanpis Lekòl yo Reouvri
Paran, nou ta apresye li si ou ta kapab fè nou konnen chwa ou pi vit ke ou kapab.
Bousdetid Gratis pou Gadri
Elèv Distri Lekòl Rejyon Palm Beach ki nan klas K-5 kalifye pou bous gratis pou gadri pou timoun gras ak lajan Komisyonè Rejyon Palm Beach bay nan Palm Beach County Youth Services nan Early Learning Coalition of Palm Beach County.
Lekòl Distri Ap yo Ofri Tès SAT ak ACT an Septanm ak Oktòb
Elèv yo pral kapab pran SAT ak ACT nan sèten lekòl segondè nan Distri Lekòl Rejyon Palm Beach an Septanm ak Oktòb.

Pwotokòl pou Elèv akoz COVID-19
Distri a rekonèt paran ak responsab se alye esansyèl nan efò l pou li limite pwopagasyon COVID-19 nan lekòl yo, enkli bis lekòl yo. Distri a pral distribye enfòmasyon sou règleman sa a, enkli responsablite elèv ak fanmi, bay elèv ak fanmi yo atravè imèl, medya sosyal, ak sou sit entènèt li a.

Men Lokal Kote ap Genyen Distribisyon Manje pandan Mwa Septanm nan
Distribisyon manje ap fèt pandan mwa septanm nan nan lokal sa yo.
Pwotokòl Pou Vizite Lekòl akoz COVID-19
Komite Direksyon Distri a tabli reglèman pou vizitè oswa nenpòt moun ki pa yon anplwaye oswa elèv distri a otorizasyon pou rantre nan yon lekòl oswa yon propriyete distri a, yon fason pou pwoteje sante, sekirite, ak byennèt elèv ak anplwaye nan mete n annakò ak pwotokòl sekirite distri a pou COVID-19 dapre gid CDC, eta a, ak otorite lokal yo.
Sonje ranpli RESANSMAN 2020 an avan 30 septanm. W ap jwenn kesyonè a sou entènèt nan: http://2020census.gov