6 Me 2024
Loreya Konkou Disètasyon
Mwa Eritaj Ayisyen 2024
Felisitasyon gayan konkou ane sa a! 

Pami disètasyon eksepsyonèl elèv lekòl segondè nan Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la ekri, twa loreya ranpòte prim pou konkou ane sa a. Tèm nan se: "Eksplike ki pi gwo tchalenj elèv Ayisyen konfwonte nan sistèm edikasyon Etazini an, epi bay fason yo kapab kontoune yo?"
 
• Paulency Merove, 10th grade – Suncoast High School, premye plas
• Gloria Christ S. Alexis, 11th grade – Palm Beach Lakes High School, dezyèm plas
• Chris Nathan Dalice, 12th grade – Palm Beach Gardens High School, twazyèm plas
 
Twa lòt elèv klase katriyèm, senkyèm, ak sizyèm plas. Yo se:
 
• Mikhaelle Gabriel, 12th grade – Boynton Beach High School, katriyèm plas
• Mohammad Hossein Zarif, 9th grade – Spanish River High School, senkyèm plas
• Laura Mitchell Pierre, 12th grade – Forest Hill High School, sizyèm plas

Gayan yo ap patisipe nan yon aktivite nan Bibliyotèk Lantana Samdi 11 me 2024 a 2:00 PM, kote yo pral resevwa pri yo epi li redaksyon pou piblik la.

ENVITASYON ESPESYAL - AKTIVITE KILTIRÈL GRATIS
*** Vin sipòte elèv ak otè yo ***
Samdi 11 Me 2024 - 2:00 pou 4:00 PM
Lantana Library: 4020 Lantana Road, Lake Worth, FL 33462