Madi 4 Out 2020
Dat pou Ranpli Kesyonè Enpòtan pou Paran sou Reouvèti Lekòl Pwolonje Jiska 15 Out
Paran li enpòtan pou w ranpli kesyonè a si w gen difikilte antre sou entènèt la, tanpri kotakte lekòl pitit ou. (Reponn kesyonè a.)
Kesyon w yo Gen Repons
Men lis kesyon nou konpile ke paran genyen osijè reouvèti lekòl. Kesyon sa yo bay eksplikasyon sou Aprantisay Adistans la.
Kijan pou w Soumèt Devwa sou Google Classroom: Èd pou Paran
Akoz distri a ki pral reouvri ak Aprantisay Adistans la, paran yo dwe konnen plis nan domèn teknoloji pou kapab asiste pitit yo ki pi piti ki pral aprann pandan yo ap oblije rete lakay yo. (Klike la a pou w li plis)

Kijan pou w Enskri Pitit ou Lekòl
Gade videyo sa a ki bay eksplikasyon sou kijan pou w enskri pitit ou lekòl. Tanpri enskri pitit ou kounye a.

Nouvo Kalandriye ak Lokal Distribisyon Manje pou Timoun
Men orè ak lokal distribisyon manje apati 11 out. Distribisyon ap toujou fèt madi ak jedi ak menm regleman yo nan lekòl nou yo. Men lis lekòl yo ak lè ki ap genyen distribisyon. 

Distri a Bay Sipò Pandan Menas Siklòn Isaias
Distri Lekòl Rejyon Palm Beach te aji rapidman pou reponn bezwen kominote a pandan siklòn Isaias te menase pou frape. Kòm mezi sekirite dirijan gouvènman rejyon an te mande pou ouvri kat abri pou popilasyon jeneral la nan lekòl yo. 
Aplikasyon pou Manje Gratis Oswa a Pri Redui Disponib
Aplikasyon pou Manje Gratis pou Nouvo Ane Lekòl la disponib pou paran sou pòtal elèv sou paj entènèt distri a. Paran toujou kapab jwenn aplikasyon an sou paj Depatman Sèvis Manje Lekòl la sou www.palmbeachschools.org/sfs.

Pran Avantaj Opotinite a - Achte Founiti Klasik Pitit ou
7 pou rive 9 ou se JOU POU PA PEYE TAKS pou atik pou rantre lekò. Men kote w ap jwenn lis atik ki kalifye yo : https://floridarevenue.com/backtoschool
Kijan pou w Jwenn Nimewo Idantite Elèv Pitit ou?
Paran! tanpri gade videyo sa a ki ap bay tout eksplikasyon kijan pou w jwenn nimewo idantite elèv pou pitit ou. Se nimiewo sa a ki ap pèmèt ou patisipe nan kesyonè reouvèti lekòl distri a. (Klike la a pou gade videyo a)
Sonje ranpli RESANSMAN 2020 an avan 30 septanm. W ap jwenn kesyonè a sou entènèt nan: http://2020census.gov