Madi 16 Jiyè 2019          
SE SEZON VAKANS

Pase bon vakans!

Lekòl ap reouvri pou elèv lendi 12 out 2019.
Distri Lekòl Rejyon Palm Beach Kenbe Klasman Nivo ‘A’

Pandan de ane konsekitif, Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la te klase nan nivo-A. Distri a se youn sèlman nan twa gwo distri iben nan Florid ki klase nan nivo A pou ane lekòl 2018-2019 la.
Opòtinite Bousdetid

Florida Crystals bay elèv nan zòn Lwès Rejyon Palm Beach la (Pahokee, Belle Glade, oswa South Bay) ki gradye nan ane 2019 la opòtinite pou aplike pou jwenn bousdetid pou ane 2019-2020 an pou rantre nan Historically Black College or University
 
Dat limit pou aplike: Vandredi 26 Jiyè 2019  | 11:59 p.m. Kontakte:  Yvonne Nash,  yvonne.nash@uncf.org
Aktivite Pandan Vakans Ete

Elèv soti kindègatenn rive klas douzyèm ak tout paran yo kapab jwenn santèn aktivite ak resous pou kontinye aprann pandan vakans ete a pou anpeche yo fè bak pandan peryòd pa gen lekòl la. Paj entènèt la genyen aktivite pou tout sijè, lis lekti pou yo fè, enfòmasyon sou kan pandan vakans, aktivite kominotè, kote ki genyen sèvis, ak resous nan kominote a pou fanmi yo.   (Klike la a pou w li plis)
ENFÒMASYON OU DWE KONNEN

Kisa:  Ekspozisyon Sante Kominotè
Ki lè:     Samdi 3 out, 2019 - 8:00 AM-2:00 PM
Ki kote:  Boys and Girls Club Riviera Beach
                 221 W. 13 th Street, Riviera Beach, FL 33404

·          Ekzamen medikal pou rantre lekòl
·          Vaksinasyon
·          Egzamen tete
·          Egzamen Dan
·          Edikasyon sou sante ak resous
·          FOUNITI KLASIK GRATIS

Pou plis enfòmasyon, imel info@tljmedicalsociety.org oswa rele (561) 318-0814.
Tanpri suiv nou sou platfòm twitter kreyòl la?

Klike la a pou suiv nou sou Twitter @PBCSDKreyo l

Twitter se youn nan medya nou itilize pou bay nouvèl ak enfòmasyon ki soti nan distri a.
Preparasyon ak distribisyon Biwo Kominikasyon ak Angajman
Bito David, Editè

pou enfòmasyon kontakte  bito.david@palmbeachschools.org |  561-738-2776  
Dwa Otè © 2018. Tout Dwa Rezève.