Madi 26 Janvye 2021
Yon Ansyen Elèv Ayisyen-Ameriken PBC Jwenn Kontra Pwofesyonèl nan Foutbòl
François Dulysse, yon ansyen elèv Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la ki te nan Lekòl Segondè Santaluces, jwenn yon kontra pwofesyonèl nan New England Revolution, nan 51yèm pasaj nan dezyèm tou rekritman nan Gwo Lig foutbòl Ameriken an (MLS) SuperDraft 2021. Klike la a pou li plis.
Semèn sa a se dènye Semèn pou Aplike pou Pwogram Ochwa yo
Vandredi 29 fevriye se dènye jou pou aplike pou pwogram ochwa ak akademi karyè yo nan distri a pou ane lekòl 2021-22 a. Distri a genyen plis pase 330 pwogram soti depi nan nivo elemantè pou rive nan nivo segondè. Klike la a pou aplike kounye a!
Plonje nan Lekti Pandan Semèn Selebrasyon Lekti a
Lekòl nou yo ap selebre semèn lekti. Li enpòtan pou w bay pitit ou motivasyon pou li enterese nan lekti apati plizyè tip aktivite. Chache konnen ki aktivite lekòl ou a ap òganize. Klike la a pou w jwenn resous pou kenbe lektè w yo angaje.
Yon Elèv nan Pahokee Genyen Bousdetid $40.000
Jasmine Calderon se youn nan sis elèv nan eta Florid yo chwazi pou resevwa yon bousdetid $40.000 nan men Take Stock in Children. Sipriz sa a vini apre yon gwo pèt ki te rive nan fanmi l. Gade videyo a pou w tande kijan li rekonesan anvè moun ki ede l.
Rete yon Semèn pou Soumèt Pwodiksyon Elèv nan Ekspozisyon Fim yo
Dat limit pou soumèt pwodiksyon elèv pou festival fim Palm Beach la jwenn ekstansyon pou rive 31 janvye. Se chans pou elèv nan lekòl segondè yo ki se sineyas, ekriven, desinatè grafik, atis dijital, pou genyen prim. Klike la a pou plis detay.
Aktivite Vityèl pou Sonje Olokos
Jedi 27 Janvye, soti 1:00 p.m. pou 1:30 p.m., pou selebre Jou Entènasyonal pou Sonje Olokos ak anivèsè liberasyon Auschwitz-Birkenau, tout elèv ak anplwaye nan lekòl mwayen ak segondè yo envite pou gade komemorasyon Distri a andirèk. Klike la a pou w gade aktivite a.