Madi 8 Desanm 2020
Repons pou Kesyon sou Tès Antijèn pou COVID-19
Genyen tès antijèn pou COVID-19 kounye a ke y ap itilize nan lekòl yo pou elèv ki genyen sentòm maladi a. Pou kapab bay tès la li enpòtan pou paran oswa responsab yo bay konsantman yo. Telechaje Fòm Konsantman an la a epi klike la a pou li enfòmasyon sou tès la.
Men Finalis pou Asistan Direktè pou Ane 2020 an nan Distri a
• Justin Arnone, Palm Beach Central
• Altoria Henley, K.E. Cunningham/Canal Point
• Jeannie Placil, Lekòl Elemantè Banyan Creek
• Andrea Walker, Lincoln
Gayan ap anonse nan mwa janvye 2021.
Kanè Klas Elemantè ap Disponib Elektwonikman
Kanè klas elemantè pou premye trimès la ap disponib pou paran elektwonikman. Y ap siyen pou pòtal elèv yo pou jwenn li oswa apati imel y ap resevwa. Li plis.

Si w genyen kesyon? Kontakte pwofesè pitit ou oswa direktè lekòl la.

Gade Pwogrè ki ap Fèt nan Konstriksyon Addison Mizner
Ekip konstriksyon yo ap travay anpil nan nouvo lokal Addison Mizner K-8 nan Boca Raton. Lekòl la dwe prepare pou akeyi elèv nan mwa out 2021 an.  Klike la a pou w gade pwogrè nan konstriksyon an.
Yon Elèv nan Lekòl Elemantè Calusa Se Pi Jèn Podcaster
Cristina Areu, yon elèv nan klas katriyèm nan Lekòl Elemantè Calusa, mete tout ladrès li aprann lekòl pou fè eksperyans li tankou yon podcaster, nan entèvyouve selebrite Latinx pou cho pa li: "Catalina Stars: Young and Famous with Cristina Areu."