Vandredi 8 Avril 2022
Deepak Agarwal Ap Prezante Depatman Teknoloji Enfòmasyon
Gade Cho Televizyon "Enfòme W"
Pou Semèn Sa a!

Sijè semèn nan se: Wòl ak Responsablite Medya Espesyalis Nan Lekòl Yo ak Marie Gessy Volcimus.
Sipèentandan An Ap Eksplore Travay Medya Espesyalis yo
Pou onore Semèn Nasyonal Bibliyotèk la, Sipèentandan Burke te vizite sant medya nan Lekòl Elemantè Discovery Key kote li al aprann wòl enpòtan medya espesyalis yo pou sipòte siksè akademik elèv.

Paper Bay Leson Patikilye Pou Siskè Elèv
Paper se yon pwogram leson patikilye sou entènèt ki la 24 sou 24 pou ede elèv gratis ak devwa oswa nenpòt pwojè lekòl.  Gade kijan pwofesè ak elèv nan Lekòl Mwayen JFK ap benefisye pwogram nan.


Konpliman Finalis Pri William T. Dwyer Yo
27 pami 28 finalis pou Pri William T. Dwyer pou ane 2022 se elèv nan lekòl piblik nou yo. Y ap anonse gayan final yo nan yon seremoni ki ap fèt Madi 10 Me nan Kravis Center for the Performing Arts.

Konpliman pou tout finalis yo.
Lendi 4 pou rive vandredi 8 avril se te Semèn Nasyonal Asistan Direktè/tris Lekòl yo! Toupatou nan distri a, asistan direktè/tris yo ap fè lekòl yo mache san pwoblèm jou apre jou, sipòte anplwaye lekòl yo, jwe yon pakèt wòl ak responsablite, epi dirije elèv yo sou chemen reyisit. Yon Gwo Mèsi pou tout Asistan Direktè/tris nou yo!
Suiv @PBCSDKreyol sou Facebook, Twitter, ak Instagram pou jwenn mizajou
nouvèl nan lang Kreyòl Ayisyen.