Gradye ak elèv ki aktyèlman nan pwogram Chwa ak Karyè pataje fason yo te kapab anbrase rèv yo gras a pwogram Chwa ak Karyè Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la.
Aplike anvan 26 janvye pou pwogram chwa ak karyè pou ane lekòl 2024-2025 la nan mypbchoiceapp.com.
Doktè Jephta Petit-Frère Ki Pral Pale Osijè Angajman Paran
Distri A Onore Memwa Doktè JoaquĂn GarcĂa
Ak anpil pèfòmans atistik, diskou ak pwoklamasyon, Distri a rekonèt 12 Janvye 2024 kòm Jounen Doktè JoaquĂn GarcĂa. Se pou onore memwa doktè a ki genyen yon lekòl segondè ki pote non li. Se premye fwa yon lekòl nan Distri a pote non yon lidè panyòl.
Khanh Le se nouvo gayan inisyativ âRemèsye Yon Pwofesèâ nan Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la. Li jwenn nominasyon kòm Pwofesè Pou Semèn pase a. Li se yon pwofesè nan Lekòl Elemantè Poinciana. Li te resevwa vizit sipriz nan klas li pou gwo anons sa a. Li resevwa yon chèk $250 soti nan men HCA Florida Healthcare ki se esponnsò inisyativ la pou ane sa a. Inisyativ âRemèsye Yon Pwofesèâ genyen kòm objektif pou ankouraje epi rekonèt yon pwofesè paran, elèv ak kanmarad li nonmen pou gwo enpak pozitif li genyen sou elèv li.
Lekòl Elemantè Melaleuca Modènize Ouvri Pou Elèv
Se ak kè kontan elèv nan Lekòl Elemantè Melaleuca te jwenn akèy pou nouvo ane lekòl la! Kanpis la gen nan yon bilding ki genyen 57.000 pye kare kote genyen klas yo, kafeterya, lakou rekreyasyon, sant medya, laboratwa syans, klas atizay, ak plis ankò, tout gras a votè yo ak kontribyab Rejyon Palm Beach apati Taks Santim Referandòm 2016 la. Pwomès Se Dèt! Nou kenbe pwomès nou.
Kesyonè Efikasite Lekòl yo rele SEQ an anglè bay lekòl yo ak Distri a enfòmasyon enpòtan pou devlope ak soutni yon Kilti ki Konsantre sou Elèv epi ki fè pwomosyon Ekselans ak Kwasans Akademik, ki se tèm santral nan Plan Estratejik Distri a. Peryòd sondaj la ouvri kounye a pou paran elèv ki enskri nan nivo elemantè, mwayen ak segondè. Li adrese tèm tankou Klima Lekòl, Sante Mantal ak Byennèt, epi Patisipasyon Paran.
Rankontre Finalis Anplwaye Eksepsyonèl Pou Ane Sa a
An kolaborasyon ak Fondasyon Edikasyon Rejyon Palm Beach, Distri a ap genyen pou selebre tout finalis Selebre Anplwaye Eksespsyonèl yo nan dat 1ye fevriye 2024.